Kredity
PERFORMING ARTISTS
Leïla Chicot
Lead Vocals
Jean Adler Gaston "Top Adlerman"
Rap
Lesly Benoit Jr. (Zo)
Synthesizer
Sabine Francoeur
Background Vocals
Misty Jean
Background Vocals
Gerald Balan
Guitar
Rickcene Ulysee
Electric Guitar
COMPOSITION & LYRICS
Jeff Wainwright
Songwriter
Jean Adler Gaston "Top Adlerman"
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Jeff Wainwright
Producer
Texty
Yon eksperyans ke mwen te fè
Aprè de, twa jou mwen pa wè ou
Lè sa, lavi a te anmè
Pa t ka pase on moman san ou
Pa t ka kanpe, pa t ka mache
Ti doudou, lè mwen pa wè ou
Lè sa mwen vin reyalize
Mon amour, jan m renmen w
Malgre tout sa k pase
(Mwen renmen ou)
Malgre tout sa k rive
(Mwen renmen ou)
Malgre tou sa w tande
(Mwen renmen ou)
Malgre tout sa k pale
(Mwen renmen ou)
Hey, depi lè m te wè w premye fwa
Mwen te santi, nan vi m, fò ou la
E ou ka gade jodi a
Se menm amou a ki toujou la
Gen moun ki pat vle ou kwè nan sa
Pou m pa t fredone Laïley-Leïla
Men depi mwen gade nan zye w
Mwen ka wè
Ou gen tout sa m bezwen (ouh)
Santiman, afeksyon, devouman
Tout sa m renmen (yeah)
Kalite w, bote w, gete w
Fanm, fanm, fanm sa (woy)
Sot nan tèt al nan pye, baby
You drive me crazy
Gade! malgre, malgre, malgre
Malgre tout dlo nan zye
(Mwen renmen w)
Malgre tout kè blese
(Mwen renmen w)
Malgre tout jan vi ya ye
(Mwen renmen w)
Malgre jan w refize m
(Mwen renmen w)
Tada-tada
Tada-tada
Tada-tada
Tada-tada
Lè m touche men w, mwen santi m byen
Kote m pale, limyè briye
Zorèy tande, kè m bat si byen
Avè w, doudou, avè w mwen double
Ou se solèy, ou se lalin
Ou se maten m, aprèmidi m
Ou se souf mwen, ou se vi mwen
Lè mwen pa wè w, mwen pa viv byen
Lè w ap gade m, w ap wè se mwen
Wi, gad anndan m, w ap wè se ou
Ou se prezan m, ou se fiti m
Ou se desten m, ou se avni m
Oh, baby
Malgre tout sa k pase
(Mwen renmen ou)
Malgre tou sa rive
(Mwen renmen ou)
Malgre tou sa w tande
(Mwen renmen ou)
Malgre tout sa k pale
(Mwen renmen ou)
Listen to me, girl
Imma tell you like this (anh, anh)
Watcha kraze m (mwen renmen ou)
Mete 14 jou nan yon semèn
Ou mèt double 30 jou nan yon mwa (mwen renmen ou)
730 jou nan yon ane
Lanmou kè m gen pou ou a ap toujou kole nèt ale (mwen renmen ou)
Ou dous e mwen menm tou
Lè n ap fè lanmou, nou monte wo tank on grandou (mwen renmen ou)
Mwen se nèg pa w, ou se fanm pa m
Mari pa w, madanm pa m
Lanmou pa w, lanmou pa m, pa gen dram (mwen renmen ou)
Se vre, s on reyalite
Menm lè nou fache, nou toujou rekonsilye (mwen renmen ou)
Love you, je t'aime, cheri, Ich liebe dich
Malgre tout sa k pase, te quiero in spanish (mwen renmen ou)
(Mwen renmen ou)
Mwen renmen w, doudou
Mwen renmen w (mwen renmen ou)
(Mwen renmen ou)
Mwen renmen w, doudou
Mwen renmen w (mwen renmen ou)
Written by: Jean Adler Gaston, Jeff Wainwright