Texty

Vini, vini pou'm rakonte'w Sa ki sou kè an mwen Jan lespri'm toumante Chak fwa m'panse avè'w Mwen pa gen fòs pou'm di'w Jan'w gouvène lespri'm Men sou jès mwen ou ka wè Se a ou m'ap panse Mwen pa konn kisa pou mwen fè Pou mwen avè'w Yon sèl bagay m'ap mande'w Sonje'm nan rèv ou Yon ti mizik ke mwen ekri Pou fè'w plezi S'yon testaman ke lanmou Ban mwen pou'm ekri W' wè si'w koute w'a tande Zantray mwen k'ap pale Si'w wè mwen di'w sa Santi se paske mwen pa vle pèdi tan'm M'pa konn kisa pou'm fè Devan'm se ou mwen wè Mwen p'ap janm sispann mande'w M'ajenou nan pye'w o, o, o Se pou sa m'ap mande'w Kè Di'm kisa pou mwen fè Pou'm genyen'w nan vi'm Going out of my mind When I think of you (2 fwa) Si'm te konn janm pran san'm Pou mwen aproche'w Chèche tout ti pawòl pou'm eksprime'm Menm lè je'm avèk je'w kontre Ou fè yon jan w meprize'm Mwen menm mwen pa nèg ki dekouraje Sitou lè se flèch lanmou ki pike'm Menm lè'l fè'm mal m'gen dlo nan je Pou ou m'ap aksepte'l Kè Di'm kisa pou mwen fè Pou'm genyen'w nan vi'm Going out of my mind When I think of you (2 fwa) Si'm te konn janm pran san'm Pou mwen aproche'w Chèche tout ti pawòl pou'm eksprime'm Menm lè je'm avèk je'w kontre Ou fè yon jan w meprize'm Mwen menm mwen pa nèg ki dekouraje Sitou lè se flèch lanmou ki pike'm Menm lè'l fè'm mal m'gen dlo nan je Pou ou m'ap aksepte'l Kè Di'm kisa pou mwen fè Pou'm genyen'w nan vi'm Di mwen kisa pou'm fè pou mwen genyen Going out of my mind When I think of you Kè Di'm kisa pou mwen fè Pou'm genyen'w nan vi'm M'pa konnen sa pou'm fè pou mwen genyen Going out of my mind When I think of you
Writer(s): Nickenson Prudhomme Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out