Στίχοι

Si lakansyel te gen vwa Si lakansyel te ka chante Se tankou Lumane li ta chante Kote Lumane pran lavwa Se yon toubiyon ki leve Mande pye palmis yo danse Epok sa se nan tan bisantnè Si ou fet avanyè Ou p'ap ka konnen Kijan ayisyen te fou pou li Kijan yo te renmen: Lumane Casimir Yon tifi Yon ti kòmè pwovens Ki vini pòtoprens ki vinn cheche lavi Yon tifi San zanmi san fanmi Yon gita anba bra'l ak yon lespwa nan vwa'l Le'l kanpe, le'l kanpe pou'l chante Rosinyol k'ap pase vinn poze pou tande'l Se konsa, de twa jou pa pase, nan lakou bwa vèna se de li y'ap pale Nan yon ti kay san limyè Ki te nan lakou fò senklè De yon tifi ki pwatrinè Se la yo vinn remize'l Gen yon sel moun k'ap okipe'l Men se pa tou lè jou'l vini Se de twa timoun nan vwazinaj, ki konn fe ti koutay, pou ba li manje Men fo'w konnen, se yon denye zanmi, se yon denye fanmi Lumane Casimir Le'l mouri Anteman'l ap chante Tout moun li te sevi yo youn pa prezante E se te yon jounen san soley Syel l'an t'ape kriye, tout nyaj yo te an dèy Pye lorye, ki te sou plas Sent Ann Yo pliye, yo panche pou yo salye Lumane E nan van, nan van ki t'ap pase Gen moun ki fe sèman yo tande'l ap chante: Papa Gèdè bel gason Gèdè Nibo bel gason Abiye tout an blan, pou l'al monte o palè Papa Gèdè bel gason Gèdè Nibo bèl gason Abiye tout an blan, pou l'al monte o palè Le'l abiye tout an blan Li sanble yon deputé Le'l abiye tout an nwa Li sanble yon senatè Le'l abiye tout an blan Li sanble yon deputé Le'l abiye tout an nwa Li sanble yon senatè Woy Papa Gèdè adje Gèdè Nibo Woy Papa Gèdè adje Gèdè Nibo Papa Gèdè bel gason Gèdè Nibo bel gason Abiye tout an blan Pou l'al monte o palè Papa Gèdè bel gason Gèdè Nibo bel gason Abiye tout an blan Pou l'al monte o palè (Hey) Le'l abiye tout an blan Li sanble yon deputé Le'l abiye tout an nwa Li sanble yon senatè Le'l abiye tout an blan Li sanble yon deputé Le'l abiye tout an nwa Li sanble yon senatè Woy Papa Gèdè adje Gèdè Nibo (Anmwey, ayayay) Woy Papa Gèdè adje Gèdè Nibo (Hihiiiii) Woy Papa Gèdè adje Gèdè Nibo(×3) Papa Gèdè bel gason
Writer(s): Naïka Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out