Credits
PERFORMING ARTISTS
K-Lib Mapou
Lead Vocals
COMPOSITION & LYRICS
K-Lib Mapou
Lyrics
Édith Piaf
Composer
Valckensy DESSIN
Songwriter
Charles Dumont
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Dedy Styl
Producer
Lyrics
Petwopozisyon
Se pa politik
Fas ak yon krim finansye, koripsyon, ou pa t atann mouvman an t ap "petroactif"
Ti lolit
M pa t ap mande petrocaribe si w te kanpe lè Koperativ
Lajenès pran petwo pozisyon
Moblizasyon petwo obligasyon
Pa di m se ranse w t ap ranse
Se pa toutan w ap ka fè n danse
Nou p ap chache kont
Sèlman n ap mande kont, Koudèkont pou l al verifye eta tout kont
Mal pou wont
Propagann pa kont, al di patwon w li anreta kounya pèp la gen mont
Nou se 10 milyon k ap viv ak 2 dola
Yo se kèk santèn ki kenbe 3 milya
Son w bann ak yon pakèt ti vòlò sal
K ap kase ponyèt ti malerèz kwabosal
Nou bouke
Wè fanm entèlijan k pou pase dwe konte devan vagabon pa kilomèt
Nou fout bouke
Wè jenn gason k ap soufri e lè l pale yo rele l ti egri si l onèt
Kòb la nan bouda w mizè a nan bouda m
Aprè w vin ak bèl machin vin file fanm pa m
Se sou non nou tout manje a prepare
Yo pa menm kite n pran sant lè l ap separe
Yo Bann 10 vèsyon
Sa k di se pa yo, lestomak glise k on w Lalo
K ap kriye k ap pran pòz rizyèz
San fè divèsyon
Si yo te envesti nan sante ak lekòl Raketè pa t ap fè n bwè pinèz
Kretyen fò n mande si Legliz pa konplis
(sonje)
Jezi te ronfle tout vòlò k te fè tanp lan tounen biznis
Delivrans n ap mande bondye toutan nan jèn nan li te bann nou li deja
Li te voye 3.8 milya dola men l tonbe anba grif djab la
Li pa ka konsa
Pou aprè yon sèl manda on prezidan Ayisyen gen kòb pase George Bush
On Peyi pòv Konsa
Pou 100 minis k ap deside pou sèlman 1000 pòch ak 10 milyon bouch
Ak Kòb ki te dwe devlope n yo fè 2 bouche
Jenès anvlope tout kote ap chèche debouche
Doktè ak Enfimyè n yo pa ka touche
Madanm pa yo lòt bò dlo y al akouche
Nou pa ka dakò
Pou se nou ki viktim epi se nou ki pou bese tèt nou lè nou wè w
Sa a se twòp atò
Depi pèp vle leve tèt, pou w ap pran pòz “monter au créneau” pou w fè moun pè w
Klas mwayèn nou te fè twòp tan bra kwaze
Enterè n ak klas popilè te toujou kwaze
Tèt nou gen cheve e je nou byen kale
Lavalas p ap pote n ale koz nou byen plante
Pandan n sou menm bato
Pou chak matlo ak goyin ak mato tout vle pran on moso planch
Ayiti pa gato
Chak grenn politisyen pa ka gon w kouto pou separe li pa tranch
Palmantè k sèvi ak vòt pou yo fè kòb
Tan pou yo sèvi enterè pèp ki te ba yo vòt
Si n kite pèp leve p ap gen fòs de lòd
Nou pa nan kòb oubyen kòd se kòb epi kòd
Nou pa nan nepotis (nepotisme)
Pou depi yo vote w ou nome w nan leta tout zanmi w ak fanmi w tou rich
Bann egoyis
Ou rele l bon prezidan se pa pou Ayiti, men paske pou ou l pa t chich
M felisite lwayote kèk atis ki sou lèy
Martelly se pou kèk atis sa Aristid te ye pou site solèy
Si n te bay pèp mwayen pou l fonksyone konsome
Zèv atizay nou, atis nou yo t ap sispann mande
Written by: Charles Dumont, K-Lib Mapou, Valckensy DESSIN, Édith Piaf