Créditos

ARTISTAS INTÉRPRETES
Lionel Benjamin
Lionel Benjamin
Intérprete
Mikaben
Mikaben
Intérprete
Fabrice Rouzier
Fabrice Rouzier
Teclados
COMPOSICIÓN Y LETRA
Lionel Benjamin
Lionel Benjamin
Autoría
Fabrice Rouzier
Fabrice Rouzier
Arreglista

Letra

Se tout moun kap tann
Ke jou sa rive
Tout vyolans sispann
Pèsòn pap kriye
Gen un an deja
Nou gen tan bliye
Ke tan sa te la
Pou fè nou chante
Sa l ye
Refren:
Se Nowèl, Se Nowèl, Se Nowèl! (4)
Fòk ou louvri kè w
Bay lanmou pase
Pa bliye malè w
Menm si w padone
La vi a de fwa
Fè de kout volan
Ki fè w fè dè chwa
Ke kè w pa kontan
Men sa w vle
Refren:
Se Nowèl, Se Nowèl, Se Nowèl ! (4)
Gen w mache prese
Fòk avan minwi
Tout kado achte
Pou tout la fanmi
Menm si w pa konprann
Ki sa wap fete
Kè w li menm lap tann
Ke minwi rive
Ann ale
Refren:
Se Nowèl, Se Nowèl, Se Nowèl ! (4)
Se bon lè pou n reve, ki sa nou swete vre
Se Nowèl, Se Nowèl, Se Nowèl !
Lari yo netwaye, kay yo byen pentire
Se Nowèl, Se Nowèl, Se Nowèl !
Reveyon tout kote se tout moun kap fete
Se Nowèl, Se Nowèl, Se Nowèl !
Padone mechanste simen fratènite
Se Nowèl, Se Nowèl, Se Nowèl !
Written by: Lionel Benjamin
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...