Créditos

ARTISTAS INTÉRPRETES
Joel Pierrevil
Joel Pierrevil
Intérprete
COMPOSICIÓN Y LETRA
Vanessa Jeudi
Vanessa Jeudi
Autoría
Schebna B. Vilnor Bazile
Schebna B. Vilnor Bazile
Autoría

Letra

Yon jou m te kwaze ak solèy
Nan yon ti pale ak lanmè
Solèy la di:
“Gade m
Sekrè jou yo
Sere nan je m
Pa gen sak pi wo
Ni pi klere pase m.”
Lanmè di solèy
Ak yon ti souri
“M konnen n diferan
Men gen kèk pa dans
N ap toujou ka fè ansanm”
Lòtjou m te kwaze ak lanmè
K ap fon ti koze ak solèy
Lanmè di li Tande m:
Pa ganyen k pi gran pase m
Ke jipon m blayi
Nan tout kwen latè.
Solèy di lanmè
Ak yon ti souri
“M konnen n diferan
Men gen kèk mizik
N ap rive chante ansanm”
Di m non lanmè koman ou ye
Palem solèy kijan ou ye
Pase laviw on sèl kote
Pase laviw san konpanyen
Menm si nou pa sot menm kote
Depi van fè men nou kontre
Mizik ap jwe
Ansanm nou ka chante
Written by: Schebna B. Vilnor Bazile, Vanessa Jeudi
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...