क्रेडिट्स
PERFORMING ARTISTS
Winnie Ofisyèl
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Kenndy Saint Fleur
Songwriter
गाने
Tann solèy la
Vès 1
Pou mwen sak pi bon ant rive a tan ou avan
El toujou pi bon lè ou son batan ke w kwayan
Nwit la tonbe
Genyen k pa bezwen somèy la
Yo leve kanpe
Vle kontinye
Men mwen m pito tann solèy la, leve
Paske
Refren
Ide yo pi fre, vizyon yo pi klè
M gen asirans nan chak pam fè
Ou mèt pran devan
Mwen m ap ret tann solèy la leve
Leve, leve
M pito tann solèy la leve
Leve, leve.
Vès 2
Ou ka pran reta men kwè m wap rive
Ou ka echwe, si w pa nan bon andwa sou ou solèy la ka fè dega lè l briye
Nwit yo pote pi bon rèv ke lajounen
Kouche la m chèche konsèy yon lòt fwa m pa bay tèt mwen dwa pou kriye
M ka dòmi lè swa deja sa son pari m genyen
Kite silans lan desann tout presyon lavim genyen
Gen panse k pap nan tèt la si li cho
Pran si w vle ti frè e kwè m toujou sensè nan chak avi m genyen (Yeah)
Wout la pap menm jan lè l fè nwa
Epa tout lè lafwa ap mennen w kote w vle a
Mwen gen baay ki rive m nan vi sam fè kwa
Nan kèk moun m te kwè ki lage m kote m ye a
Solèy la pa kouche pou lontan m pito tann li
Pwomèt mwen zèl devan lanmè wouj la m pito fann li
Nenpòt jan san baton m son batan
Gen esplwa k dwe pèsonèl sonje menm lè w ta nan bafon an
Bridge
Mache nan nwa swiv yon vwa
Se vre la fwa ka ba w viktwa
Ant fè konfyans ak pran pasyans
M fè chwa m
Paske
Refren
Ide yo pi fre, vizyon yo pi klè
M gen asirans nan chak pam fè
Ou mèt pran devan
Mwen m ap ret tann solèy la leve
Leve, leve
M pito tann solèy la leve
Leve, leve
Written by: Kenndy Saint Fleur