album cover
COLOC
album cover
COLOC è stato pubblicato il 31 luglio 2025 da mCo. Music Group come parte dell'album multiCo.
31 luglio 2025
EtichettamCo. Music Group
LinguaEnglish
BPM119
Melodicità
Acousticità
Valence
Ballabilità
Energia

Video musicale

Video musicale

Testi

Kontan
Kè m toujou kontan
Nanm mwen tris poutan
Souri m pa dire lontan
Mwen bèl
An menm tan m rebèl
Nan je m se limyè
Men lè w gade
M s on lanp etènn
M ape chèche w
Men chak pa m fè
Mwen repouse w
M repouse w
M s on flanm dife
Men m pè boule
Kè m bat jous latè tranble
Men se apèn si m ap respire
Mwen vle vole
Men m plonje e e
Ego o o o
Alo o o o
Alo
Koute
Mwen renmen koute
Men m pa rakonte m
Sa k andan m byen fon klete
Pa kwè
Lè m di ou mwen pa kyè
Se pè ti kè mwen pè
Sa m mande se pou malè m
M ap plante
Men sa m rekòlte m sabote l
M sabote l
M s on flanm dife
Men m pè boule
Kè m bat jous latè tranble
Men se apèn si m ap respire
Mwen vle vole
Men m plonje e e
Ego o o o
Alo o o o
Alo
Ou se Priyorite m
An menm tan m neglije w
Pla men mwen lonje
Poutan mwen di w pa pwoche
Kontradiksyon
Mwen s on kontradiksyon
M s on flanm dife
Men m pè boule
Kè m bat jous latè tranble
Men se apèn si m ap respire
Plis m ap vole wo
Se plis m ap plonje e e
Ego o o o
Alo o o o
Alo
M s on flanm dife
Men m pè boule
Kè m bat jous latè tranble
Men se apèn si m ap respire
O o o
Mwen plonje plonje m plonje
Ego o o o
Ego o o o
M ape vole
Men m ap plonje e.
Written by: COLLINX MONDESIR
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...