歌詞

M bare solèy la k ap benyen Yon kanaval koulè melanje Mwen di mèsi pou de grenn je m Pou kè m ki nan mitan kò m Ki p ap janm bouke renmen Mèsi pou men m ki karese Tout moun lanmou mennen nan vi m Mèsi pou sè m, manman m, zanmi m Ki la, ki kanpe kote m Pou kore m lò m pral tonbe On jou mwen ri, on jou m kriye Konsa, lavi m ap deplwaye Gen rezon pou m ta plenyen Men pito m konte tout sa m genyen Defwa m lite m degrengole Men lè m tonbe, m toujou leve Sou de pye mwen ki pote mwen Kote tout sous dlo yo ap koule Mèsi pou vwa m ki ka pale Tou sa nanm mwen pa ka sere Pou zorèy mwen ki ka tande Yon frè m ki bezwen pale Lò pwoblèm yo vle brote l Mèsi pou moun ki pa jije m Ban mwen lanmou lè yo kwaze m Toujou vini pou yon bravo La, lò m pèdi adrès mwen, lò van yo ap pliye m On jou mwen ri, on jou m kriye Konsa lavi m ap deplwaye Gen rezon pou m ta plenyen Men pito m konte tout sa m genyen Defwa m lite, m degrenngole Men lò m tonbe, m toujou leve Sou de pye mwen ki pote mwen Kote tout sous dlo yo ap koule Mèsi Mèsi Mèsi lavi Mèsi (oh-oh, mèsi) Mèsi (mèsi) Mèsi lavi Mèsi (mèsi lavi) Mèsi (mèsi lavi, wo-oh) Mèsi lavi Mèsi (mèsi) Mèsi Mèsi lavi Mèsi (de pye m, de men m) Mèsi (de je m, de zòrèy mwen) Mèsi lavi Mèsi (mèsi lavi) Mèsi (fò n di mèsi, mèsi, mèsi lavi) Mèsi (mèsi) Mèsi (mèsi) Mèsi lavi Mèsi (Ouh-ouh-ouh) Mèsi (Ouh-ouh-ouh) Mèsi lavi (mèsi, mèsi, mèsi, mèsi) Mèsi Mèsi Mèsi lavi
Writer(s): Emeline Michel Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out