크레딧
실연 아티스트
Jbeatz
실연자
작곡 및 작사
JEAN PLUVIOSE
작사가 겸 작곡가
가사
Ou te di'w tap renmen'm pou jiska la fen mwen pa tap janm imajine nan chimen ou tap lagem ou leve wale sant pafen'w lan rete menm dra yo m'pa janm lave .
Èske'w pa janmen panse ak bèl moman nou pase, èske'w pa janm tande vwa'm lè swa lè map kriye.
Èske'w pa janmen panse ak bèl moman nou pase bebe si Bondye fè'w tande vwa'm petèt wap pran pitye.
LI SONNEN KONSA!
Ouhhhhhhhhhhhh
Ouhhhhhhhhhhhh
Èske'w pa janm tande vwa'm lè swa lè map kriye.
LI SONNEN KONSA!
Ouhhhhhhhhhhhh
Ouhhhhhhhhhhhh
Èske'w pa janm tande vwa'm lè swa lè map kriye.
Yo di tòg pa kriye kiyès ki fè manti sa tristès ak lajwa se sèl ou ki fèm santi sa. W'ale men'w nan pansem ou fè dlo koule nan jem non mpa ka di mpa sonje'w. Girl mpap bay tèt mwen manti sa.
OU SOU KÈM
Depi lèw pa la bebe mpa bon kay la degaye tounen met lòd ladann si se mwen ki fèw mwen mande'w padon.
Cheri m'gen pwoblèm lanmou se yon solisyon
M'wèw kite bwòs dan'w m'bwose danm avèl. Jis poum ka repran gou bouch ou poum santi'w tou prèm bebe ou sou kèm se ou'k pou fèm.
M'dòmi kou wè yon bebe paske 2 bra'w se lèn.
Bebe gen de moman nou pase m'poze tèt mwen kesyon kòmanw fè bliye. Tanpri souple tounen kounya menm ap kriye li sonnen konsa.
LI SONNEN KONSA!
Ouhhhhhhhhhhhh
Ouhhhhhhhhhhhh
Èske'w pa janm tande vwa'm lè swa lè map kriye.
LI SONNEN KONSA!
Ouhhhhhhhhhhhh
Ouhhhhhhhhhhhh
Èske'w pa janm tande vwa'm lè swa lè map kriye.
Mwen swete'w tande mizik sa petèt wa padonem
Written by: JEAN PLUVIOSE