가사
M ta dwe komanse pa padon men m konn padone pa done , donk out mèt òdone poum ofriw tout Sam ka done , m konn sa lem damou ka donner, ann wè sin cordonner , tanpri pa fèm wont puis-je avoir tes coordonnées
M vle konn adresse ou , social ou , pin ou
Kiyes ki manmanw , Kiyes ki copine
Antanke queen komanse relem king ou
M vle astrologie signe ou ,
M vle konn menm tay string ou
Wouch manman gadon danti
Tu sais que c’est un crime d’être aussi belle et osi janti
M pa vin renmen v fin fon avanti
& aprann konnew Tankoum te on apranti
Kitem filew pouw ka feel Sam santi
M pa vin koze m vin fè on avanti
Men kounya Kitem filew pouw ka konn Sam santi
M fin aprann aprann de ou kon apranti
Fè alye a vérité poum pa janm baw manti
Se vre ou poko konnenm men ou ka eseyem satisfè ou ranbouse map renmenw ak garanti
Map fin pran têt ou en swit goute bouch ou , aprem pral fè prezantasyon kot paranw pouw pran menw
Gen 1M rezon poum renmenw , menm vle renmenw san rezon , sim konn pou ki rezonm renmenw m pap renmenw
M pa vle renmen pou renmen , ni renmenw jan yo te renmenw , m vle renmenw a pwen kap fèm bliye janm te renmen
M vle renmen janm renmenw , renmenw jan yo pot ko renmenw , map renmenw pou lèn pa renmen pouw sonje jann te renmen
Enfin m vle renmen en fin
M vle renmen san retenue sans kontwol sans frein
Un belle vie a 2 , je serais fou de toi , goumen poul rete 9 , menm konsa m ka 10 ou siw fèm renmen en 20
M pa konn pou ou menm fatigué pase moun
M fin Fè expérience nan lis mwen gen asemoun
M fatige ret on senp ti souni nan pase moun
M vle réciprocité m fatige renmen moun pase moun
Ann fè on sèl pou on sèl ka vini nou
Map viv pou ou viv pou mwen pou Mwen ka vini nous
Nap rete privé Pou lang yo pa fini nou
Ann ini nan bondye pou bondye ka ini nou
M pral ale m prale a konviksyon
Men avan apwoche pou nou fè on konklizyon
Map renmenw ak transparans san dout san konfizyon map renmenw a kondisyon ken renmen san kondisyon
Siw ta mandem swiv ou map kouri tout on maraton
Si se poum ka nan viw m pare poum kite vakabon
Dim kisaw vle , dim ki dragon poum donte
Poum mérite on plas nan kèw dim kont ki lame Poum al fè la gè
Ki lanmè m pap travèse
Ki tanpèt m pap brave
Ki mizè m pap pase
Dim ki montagne m pap soulve
Renmenw se pi gwo misyon’m
M mache a tout konviksyon’m
On sèl kondisyon se pou’n renmen san kondisyon
Ahhhhhhhhhhhhhhhh on sèl kondisyon se poun renmen san kondisyon
Written by: Duvert Wendy