album cover
Zanmi
album cover
Zanmi은(는) {albumName} 앨범에 수록된 곡으로 2017년 3월 15일일에 Nickenson Prud'homme에서 발매되었습니다.Premiere Danse
2017년 3월 15일
라벨Nickenson Prud'homme
언어프랑스어
BPM84
멜로디에 강한 음악
어쿠스틱 악기 중심
발랑스
춤추기 좋은 음악
에너지

가사

Sa'w pa konnen pi gran pase'w
Se sa ke yo di
Lè yon moun kontrarye, li di sa li vle
Pasyon'l gen dwa monte'l fè'l fè tenten
Sa ka rive
Mesye fò'n reflechi avan'n aji
Sa se lwa'd lanati
Ou li, men pouki sa l'oblije pa ri
Fanm sa se zanmi'm li ye
Li renmen'm, mouin renmen'l tou
Pa gen anyen m'pap fè pou li
Pa gen dwa pou'w fè jalouzi, se zanmi'm li ye
Lè'w wè'l avè'm ou pe apwoche'l
Akize'm de sententeromp
Nan jéw mouin se yon deranjè
M'toujou avè'l nenpòt kilè ou pèdi chans ou
Men si se vre ou renmen fanm'm sa a
Ou mèt vin'n pale avè'l
M'pap janm ka kontrarye'w
Si ou serye ou mèt aproche'l
Di'l tout sa ki nan kè'w pou li
San fèr de demagoji
Jodi a l se zanmi'm, demen ka madan'm ou
L'ap toujou rete zanmi'm
Se Zanmi'm li ye
Se Zanmi'm li ye, Se Zanmi'm
Li pa oblije fan'm mouin (bis)
Mouin renmen fanm sa tankou sè'm, mouin se Anj Gadyen'l
Pa gen moun ki ka fè'l mal, m'ap toujou bò kote'l
Djòb mouin se pou'm pwoteje'l
Si laj vrèman amèn la rezon, gen yon jou wa konpran'n
Ke lamitye se y'on santiman sakre ke nou toujou maltrete
Se Zanmi'm li ye
Se Zanmi'm li ye, Se Zanmi'm
Li pa oblije fan'm mouin (bis)
Pou ki yo di gason ak fi pa ka zanmi
E m konnen san la fam gason pa gen lavi
Lamitye pa dwe gen fòs kote
Gason ak fi ka byen san zenterè
Lavi a semp, lavi a kout, eseye viv li san komplikasyon
Fara se zanmi'm, yon jou m'gen dwa l envite'm nan sinema / Li pa oblije fanm mouin
Maggy se zanmi'm, nou gen dwa nan telefòn tout lajounen
Li pa oblije fanm mouin
Poutèt n'ale nan sinema, li pa oblije fanm mouin
li pa oblije fanm mouin
ooooo, Li pa oblije fanm mouin
se yon zanmi li ye pou mwen
Likrès se zanmi'm, m'gen dwa pran tan'm pou admire'l
Poutèt mouin pran tan'm pou admire'l li pa oblije fanm mouin
Written by: Marc Lubin, Nickenson Prud'homme

Loading...