Tekst Utworu
Gwo jounen lendi
Map mache anba solèy cho
Gad a goch gad a dwat
Poum p'ateri lonw bwat
Si se pa mwen
Kiyès ki pral pou yo
Bat chalè pran mizè pou pote de gouden
Zanmi mwen lavi lan peyim pa fasil
Fòk ou reflechi pou janm initil
Brasse vanse hustle
Jan anglè a dil
Nou pa gen tan poun chita ap plede fe style
M Paka chita ape ranse, ranse, ranse, ranse la
M Paka chita ap betize, betize, betize, betize la
M paka chita, m paka chita
Ape ranse la
Fòk mwen leve kanpe poum al bouske lavi a
M paka chita, m paka chita
Ap betize la
Fòk mwen leve kanpe poum al bouske lavi a
Jan saj la di l byen pa pedi
Si w pa wouze flè an zanmi la p mouri
Klere pou sa fènwa peri
Depi je nou poko fèmen, lespwa pa pèdi
Zanmi mwen lavi nan peyi m ka fasil
Volonte k manke plenyen initil
Brase vanse hustle jan anglè a di l
Nou pa gen tan pou chita ap plede fè style
M paka chita, m paka chita
Ape ranse la
Fòk mwen leve kanpe poum al bouske lavi a
M paka chita, m paka chita
Ap betize la
Fòk mwen leve kanpe poum al bouske lavi a
M Paka chita ape ranse, ranse, ranse, ranse la
M Paka chita ap betize, betize, betize, betize la
M Paka chita ape ranse, ranse, ranse, ranse la
M Paka chita ap betize, betize, betize, betize la
Written by: Daniel Denis Prophete

