Lyrics
“Enseparab”
Pa rete lwen distans konn pran plas renmen ou iranplasab sa vle di nou enseparab.
I
Pagen lontan
M tap kesyone m
Ou kwè kèm ap reviv ankò
Se te pi gwo enkyetud mwen
Mwen te pasyan
Mwen tap priye
Pou Lanmou banm men ankò
Se pi gwo dezi m te gen
Depi w rantre nan vi m (ou fèèè)
Map fete
S on flanbo k pote jou
Nan obskurite m
Li pa fasil pou m santi m konsa
Feeling sa dwe rete la
Lè w pase men w sou mwen
Santi w reanime tout selul anndan mwen
Enseparab nou enseparab lamounn mèt pliye l pap kase nap renmen jouk souf nou koupe!
II
M pa tante chans
M fè kè m konfyans
Je fèmen map suiv ou
Ou pap lage m nan trou
Ou kenbe ou sere m (epiiii)
W anbrase m
Son kouran k travèse n
Li Elektrifye n
Son santiman ki resipwòk
E li pa la pou yon epòk
Tout bagay sa yo
Fè m santi sa son lanmou enseparab heyyyy
III
Zafè zafè
Kite mele m ak moun sa yo
Yo te mèt di m se nèg yon sèl fanm zafè yo
Kite mele m kite mele m
Pa care m pa care
M tande sa pa alamòd ankò zafè yo
Kite mele m kite mele m
Written by: Reynaldo Martino, Roberto Martino