Lyrics
HEY, HEY, HEY, HEY
Mwen bouke goumen,
Mwen bouke goumen goumen
Nou Bouke Goumen
Nou Bouke Goumen Goumen
Yo di sa Bondye sere pou ou lavalas pa ka potel ale sa se yon pwovèb. Mwen resi doute, yo di si lanmou te fèt pou ou pa gen pèsòn ki ka retirel menm papa Bondye ki rive kreyel.
Hmmm map mande poukisa se fanm ki toujou ap soufri nan zafè renmen, nan zafè renmen
Map mande poukisa bon fanm tankou nou pa janm gen chans nan renmen, nan renmen.
Labib di yon sèl fanm, yon sèl nonm men gason toujou gen plizyè fanm sa se yon pwoblèm nou dwe adrese.
E si nou ta trete yo menm jan deside gen 3 4 lòt gason nou tap pi move fanm ki egziste ohh.
Map mande poukisa medam yo toujou ap bay presyon nan relasyon, nan yon bon relasyon. Yo jwenn kay, yo jwenn kòb, bèl machin nouvo Iphone epi yap bay presyon, gwo presyon.
Nou bouke goumen, Nou bouke goumen pou lanmou sa, lanmou sa, lanmou sa ohhhh. (twice)
NOU FWENK BOUKE
Jodia m'resi kenbew, KENBEM KIBÒ
Jodia m'resi barew, BAREM KIBÒ
Lèm pa ka jwenn ou se lakay li ke ou ye.
MWEN MENM
Plizyè moun gentan di mwen Se fanm ou li ye. SE PA MWEN
Jodia m'resi kenbew, KENBEM KIBÒ
Jodia m'resi barew BAREM KIBÒ
Genlèw bliye yèswa se avèm
Ou te ye. WHAT
Je'w pa manke chèch gade figiw gade lèw.
Jodia m'resi kenbew, jodia m'resi barew se li menm ki toujou ap rele'w nan telefòn. Epi aprè pou ka vin di se mwen ki antò.
Jodia nou fout kenbew. Jodia nou fout barew genlèw bliye se prèske chak jou nou kontre je'w pa manke chèch, gade figiw gade lèw.
Written by: JEAN PLUVIOSE


![Watch JBEATZ - NOU FWENK BOUKE Feat. Darline Desca X Misty Jean [Official Video]. on YouTube Watch JBEATZ - NOU FWENK BOUKE Feat. Darline Desca X Misty Jean [Official Video]. on YouTube](https://i.ytimg.com/vi/N2Y52fCxM_Q/maxresdefault.jpg)