Lyrics

Yon ti kout je w, se sa k fè mwen krake Yon ti souri w, se sa k ap fè m dòmi Lè w elwànye m, kè m dechire Pou m admire w, se nan ti sonj Sèl ti souri w ki ban m moso lespwa Lè w elwànye m, kè m dechire Pou m admire w, se nan ti sonj Sèl ti souri w ki ban m moso lespwa Ou fè m kriye, ou fè m soufri Lè w souri, tout zwazo chante Ti 'je t'aime' ki sot nan fon kè w Se sa ki ban m moso lespwa M santi kè m ap dechire, kite m kriye E lè m santi m kontan, kite m chante Kriye, chante pou sa m renmen Kriye, chante pou ban m lespwa Yon ti chanson damou, se sa m ka ba w Pwoche pi pre m, m a di w kisa m panse Pou ou, mwen ta renmen chante Tout bèl ti mo damou ki nan kè m Yon sèl bagay mwen ta swete w kontan Pou ou, mwen ta renmen chante Tout bèl ti mo damou ki nan kè m Yon sèl bagay mwen ta swete w kontan Ou fè m sote, ou fè m vole Tankou ti papiyon ki sou flè Lè w louvri je w, ou fè m konprann Ke se solèy k ap leve M santi kè m ap dechire, kite m kriye E lè m santi m kontan, kite m chante Kriye, chante pou sa m renmen Kriye, chante pou ban m lespwa Lè w elwànye m, kè m dechire Pou m admire w, se nan ti sonj Sèl ti souri w ki ban m moso lespwa Lè w elwànye m, kè m dechire Pou m admire w, se nan ti sonj Sèl ti souri w ki ban m moso lespwa Pou ou, mwen ta renmen chante Tout bèl ti mo damou ki sot nan kè m Yon sèl bagay mwen ta swete w kontan Pou ou, mwen ta renmen chante Tout bèl ti mo damou ki sot nan kè m Yon sèl bagay mwen ta swete w kontan
Writer(s): Jacques Sauveur Jean Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out