Lyrics

Dat7 Kenbe men l' di l' w renmen l' chak jou Chak minit bal' yon flè fè l' fou Si se pat li w pa tap janm pran gou lanmou Di'l se li ki fè kè w bat fò Kijan lanmou pou li trè fò Pa kache santiman w pou yon fanm ki chè pou ou Di'l pou ou se li ki pi bèl Ou pap janm devalorize'l Se tout ti jès sa yo ki ka fè kè li fleri yeahh Di li l' se tout sa k' fèw souri E promèt li ou pap fèl soufri Pa kache sa w santi pou yon fanm ki chè pou ou Se konsa se konsa Ou trete yon fanm ke w renmen Se konsa se konsa Fè tout sak bon pou w toujou la Se konsa se konsa Imajine w kap fè'l rele ou la la la la Se konsa se konsa Oh oh oh Se konsa se konsa Mwen menm mwen gen yon fanm m renmen Mwen satisfè'l ak sa'l renmen E mwen make sure ke'm asure'l ak asurans lanmou oh Ti pam nan mwen fè kè'l kontan Nou pataje menm santiman E mwen swete pou lanmou sa rete soude Ohh Se konsa se konsa Ou trete yon fanm ke w renmen Se konsa se konsa Fè tout sak bon pou w toujou la Se konsa se konsa Imajine w kap fè'l rele ou la la la la Se konsa se konsa Oh oh oh Pa janm fè rezèv lanmou pouw pa regrèt demen Ti tan w'ap viv la profite ak yon moun ou renmen Se pi movèz erè ou ka komèt nan vi w Si w renmen vrèman renmen nèt ale wap renmen vi w (Keyboard Solo) Oh Oh Dat7 Stay tune we'll be right back One kiss ka defini tout sa ki nan kè ou ke ou santi One kiss ka fèw sove yon kè k' atriste k' abandone Siw fè l' konsa wap genyen kè li Siw fèl ' konsa lap wè w fou pou li One kiss ka fèw renmen renmen tout bon pou demen Ouh one kiss ka reyini yon fwaye ki dezini uni a lenfini Siw fè l' konsa wap genyen kè li Siw fè l' konsa lap wèw fou pou li Cherie ou wè jan m' renmenw lan se konsa m pral renmen w nèt Epi Dat7
Writer(s): Ricot Amzan Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out