Music Video

Credits

PERFORMING ARTISTS
Timber-G
Timber-G
Performer
Guytember Nicolas
Guytember Nicolas
Performer
Nickenson Prud'Homme
Nickenson Prud'Homme
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Guytember Nicolas
Guytember Nicolas
Songwriter
Nickenson Prud'Homme
Nickenson Prud'Homme
Songwriter

Lyrics

Pouki tout jounen wap veye mwen Ou vle gen kontwòl telefòn mwen Lè'm fon'w sòti ou bougonnen Oh m pran twòp tan pou'm te tounen Ou menm ap tcheke sou chemiz mwen Pou'w wè si li pa de-boutonnen Ou tankou on moun kap chache zen Ou vle tout bagay pou'w konnen Tout sa mwen di'w ou gen dout Ou fèm konfyans par kont gout Eske se mwen ou pa konn bout? Men konbyen fwa pou'm di'w Lanmou sa se pou ou Ou pa bezwen trakase ou Pami tout lòt moun yo Se pou ou m fè joujou Lanmou sa se pou ou Ou pa bezwen trakase ou Pami tout lòt moun yo Se pou ou ke map fou Yon bann jalouzi ki pa gen plas Ou pa vle menm banm yon ti espas Emosyon fè'w nan fèm menas Si'm pat renmen'w m te gentan elas M paka konprann jan'w te nice Kounya wap make'm e ou vin tenas Nan chache konn sim pa kenbe kras Genlè m son'w pwason k antre nan nas M gen santiman m gen kè tou Pou respè ou m dwe kèr tou Deja ou se mèt mwen m se mèt ou Retire vye lide nan tèt ou Lanmou sa se pou ou Ou pa bezwen trakase ou Pami tout lòt moun yo Se pou ou m fè joujou Lanmou sa se pou ou Ou pa bezwen trakase ou Pami tout lòt moun yo Se pou ou ke map fou SOLO!! Cherie si'm pat renmen'w se pa ou'k tap la E si mwen pat bezwen'w tap re bat kat la Sispann panse ke lòt moun ka ranplase'w Se pa nan yon djob ou ye Mwen konnen lap difisil pou'w pata jalou Lè ou gon'w bon grenn nan men'w fè pataj la lou Men m toujou fè efò pou'm pa rive nan fwase'w Mwen pa kwè nan diskisyon mwen plis renmen anbrase'w Lanmou sa se pou ou Ou pa bezwen trakase ou Pami tout lòt moun yo Se pou ou m fè joujou Lanmou sa se pou ou Ou pa bezwen trakase ou Pami tout lòt moun yo Se pou ou ke map fou
Writer(s): Nickenson Prudhomme, Guytember Nicolas Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out