Lyrics

Depi m renmen, m bay tout mwen menm Yon jan pou pèsòn pa kite m W antre nan vi mwen, ou twonpe m Ou jwe ak pèsonalite m Anpil fwa, mwen konn kriye Dlo nan je mwen pa koule Men sa pa janm anpeche Kè m toujou ret kagoule Di manmi, papi w pa bezwen rele mwen (m pa la, m pa la ankò) Epi ou mèt sispann sone telefòn mwen (m pa la, m pa la ankò) M pa pou ou ankò, ou pa bezwen veye mwen (m pa la, m pa la ankò) Lè mwen te nan men w lan, ou pa t janm jere mwen (m pa la, m pa la ankò) (M pa la, m pa la, m pa la ankò) Pou sakrifis m te fè pou ou Se pou w t aprann kisa k lanmou Pou janm te met espwa m sou ou Gade kijan jodi a Ou fè moun imilye mwen Ou jwe ak diyite mwen Ou fè yo konn vi prive mwen Anpil fwa, mwen konn kriye Dlo nan je mwen pa koule Men sa pa janm anpeche Kè m toujou ret kagoule Di manmi, papi w pa bezwen rele mwen (m pa la, m pa la ankò) Epi ou mèt sispann sone telefòn mwen (m pa la, m pa la ankò) Mwen pa pou ou ankò, ou pa bezwen veye mwen (m pa la, m pa la ankò) Lè mwen te nan men w lan, ou pa t janm jere mwen (m pa la, m pa la ankò) (Cheri, ou manke m) M pa la, m pa la, m pa la ankò (non, m pa la ankò) M pa la, m pa la, m pa la ankò (ye,mwen pa la, mwen pa la) M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di "M pa la ankò, non, non, non, ye") M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen pa la, mwen pa la) Ou ban m tout chay pote (pote) Kounya, s on lòt vi m ap trase (trase) Ou fè m konn enpòtans kesyon m Ou fè m konnen enpòtans rezon mwen Ou pran m pou sa m pa ye (pa ye) Fè m mache dèyè w tout kote Men, baby, jodi a, m di w "Mwen pa la ankò, ouh-ouh, ye") M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen pa la ankò, non, non, non, ouh-ye) M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di "M pa la ankò, non, non, non") M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di "M pa la ankò, ou-ye-ye-ye") M pa la, m pa la, m pa la ankò (ouh-ouh-ouh) Cheri, ou manke m M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di, "M pa la ankò, ou-ye-ye-ye") M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di "M pa la ankò, non, non, non") M pa la, m pa la, m pa la ankò (m pa la, m pa la ankò) M pa la, m pa la, m pa la ankò (m pa la, m pa la) m pa la, m pa la ankò
Writer(s): Jodanny Petit-frere, Manes Augustin Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out