Lyrics

Mwen fèt nan raboto Kot timoun pa gen chans pou viv Lonbraj mwen se foto Yon bak ki prale à la dérive Lontan papa m ap pale m de ou Vinn kraze lespwa m Fè l tounen pousyè Lavi mwen pa gen gou Lan de mil la Vinn jwenn pye m atè Papa nwèl mwen Se papa m Paske chak jou m leve Se li sèlman ki toujou pran ka m Nan bouske lavi pou l ban m manje Papa nwèl mwen se papa m Ou di w'ap pot kado Pou timoun ki travay lekòl Men depi m piti lekòl ban m do Se monte nan mòn keyi korosòl Chante kolora nan bafon Kote m pase tout rès jounen m Douvan mizè lavi m anvi mawon M mande anraje pou m kase chenn Papa nwèl mwen Se papa m Paske chak jou m leve Se li sèlman ki toujou pran ka m Nan bouske lavi pou l ban m manje Papa nwèl mwen se papa m Ou di djakout ou byen chaje Pou timoun ki konn dekore kay Men ti ajoupa m nan finn demanbre Siklòn pase l pa kite yon branch pay Wi m ta vle gen yon ap de nwèl Lavi a bay papa m move pataswèl Granmesi l mwen jwenn yon pope twèl Ki fè m konnen gou kado nwèl Papa nwèl mwen Se papa m Chak jou li nan laviwondede Manche gòl keyi de twa lam Pou l fè branch trip mwen demare Papa nwèl mwen se papa m Papa nwèl mwen Se papa m Paske chak jou m leve Se li sèlman ki toujou pran ka m Nan bouske lavi pou l ban m manje Papa nwèl mwen se papa m Papa nwèl mwen Se papa m Chak jou li nan laviwondede Manche gòl keyi de twa lam Pou l fè branch trip mwen demare Papa nwèl mwen se papa m
Writer(s): Gregory Telfort Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out