歌詞

Istwa senk jèn gason ki pran lanmè K al chèche ki bò lavi fè kwen Nèg sa yo te gen tan bouke ak mizè Yo blije pati kite fanmi lwen Yo pat menm gen yon destinasyon Yo sou dlo, sou kont vag, sou kont van Nèg sa yo te gen yon sèl vizyon Kite Ayiti, fè kap yo pran van pou y ale Ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh Yo fin ale Ou-ou-ouh, ouh-ouh-ouh ouh-ouh-ouh Jou ap pase, nèg yo sou dlo Dezespwa te anvayi yo Pa gen manje, pa menm gen dlo Kè sote te anpare yo Gen youn ki di pase pou l ta tounen Li ta pito lage kòl bay reken Li jèn, li nan peyil, li gen de men Chak jou, solèy la leve, l jwenn li p ap fè anyen Ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh Madanm k ap plenyen Ou-ou-ouh, ouh-ouh-ouh ouh-ouh-ouh Timoun k ap plenyen Nèg sa yo menm jan avè n Yo te renmen Ayiti Toma anpil Yo te toujou nan lapèn La vi pou nèg sa yo pa t fasil Yo te oblije ale Lamizè, lavi chè pouse do y ale Peyizan ale, ale Atizan, y ale, ale Etidyan ale, ale Krèm peyi a k fin ale Nèg Geto ale, ale Nèg an wo ale, ale Machann dlo ale, ale Ata ti zwazo yale Pwoletè ale, ale Pwofesè ale, ale Sitaden ale, ale Mizisyen yo fin ale vre Ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh Yo fin ale Ou-ou-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh Peyi a kraze Se Istwa senk jèn gason ki pran lanmè K al chache ki bò la vi fè kwen Nèg sa yo te gen tan bouke ak mizè Yo blije pati kite nou lwen Yo pa menm gen yon destinasyon Yo sou dlo, sou kont vag, sou kont van Nèg sa yo te gen yon sèl vizyon Kite Ayiti, fè k ap yo pran van pou y ale Ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh Yo fin ale Ou-ou-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh Yo te bouke Ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh Yo oblije Ou-ou-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh
Writer(s): Belo, Jean Belony Murat Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out