Texty

Sa konn rive ke'w gen yon moun nan men'w Men'w pa konn enpòtans li Ou rive pèdi'l nan fè tenten E se lè sa w'ap rann ou kont de tout valè'l genyen Ou manke mwen Ou manke mwen a mò Ou manke mwen Ou manke mwen a mò Lè'w jwenn yon moun ki fè kè'w bat, pa kite'l ale Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la Lè'w jwenn yon moun ki konn renmen, pa kite'l ale Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la Yon jou maten ou deside ou pap rete, ou vle ale Sa k'ap pase'w la, sa'k rive'w la Ou fe'm konprann ke mwen blese'w Ke mwen tronpe'w, Ou pa vle rete Ou pa vle kanpe la, sa'k rive'w la Oh non cheri mwen pa dakò'w kite'm San m'pa wè sou kiyes m'pral apiye'm Ou konnen byen jan ou gentan gate'm Ak defo'm yo kiyes ki pral asepte'm Oh non cheri mwen pa dakò'w kite'm San m'pa wè sou kiyes m'pral apiye'm Ou konnen byen jan ou gentan gate'm Ak defo'm yo kiyes ki pral asepte'm Lè'w jwenn yon moun ki fè kè'w bat, pa kite'l ale Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la Lè'w jwenn yon moun ki konn renmen, Pa kite'l ale Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la Se sèl ou'k nan kè mwen, ou'k nan vi mwen Depi ou pa la m'pa santi'm byen Tanpri tounen nan vi mwen Paske se ou ki kle bonè mwen Ou se premye fanm ke'm pa anvi tronpe Pou mwen ou se yon zanj nan pye'w m'anvi ranpe M'sonje bouch ou nan bouch mwen ki te konn tranble Ak ti vwa'w nan zorey anm, menm jan'w te konn chante Ou fè ti kè mwen bat fò (bat fò) M'anvi kole kò'm ak kò'w (ak kò'w) Fò'w padone'm pou sa'm fèw Tounen nan vi mwen Ou fè ti kè mwen bat fò (bat fò) M'anvi kole kò'm ak kò'w (ak kò'w) Fò'w padone'm pou sa'm fèw Tounen nan vi mwen Mwen di'w pawòl ki pike konpiman M'pa merite konpliman Se le'w pa la mwen rann mwen kont ke'w se yon konpleman Ou manke'm, ou manke'm (a mò) Si'w kite'm, si'w kite'm (map gen remò) Mwen di'w pawòl ki pike konpiman M'pa merite konpliman Se le'w pa la mwen rann mwen kont ke'w se yon konpleman Ou manke'm, ou manke'm (a mò) Si'w kite'm, si'w kite'm (map gen remò) Lè'w jwenn yon moun ki fè kè'w bat, pa kite'l ale Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la Lè'w jwenn yon moun ki konn renmen, Pa kite'l ale Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la
Writer(s): 0, Roody Dauphin Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out