Texty

Girl, you make me miss my ex, my ex Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen Girl, you make me miss my ex, my ex Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen Gen fwa, ou avèk yon moun, ou pa konnen valè li Se lè li pa la ankò w ap plede di jan l te bon Se kounyeya m wè 'ex' mwen pa t tèlman move jan m te panse a Pou sa m ap andire, mwen boukante paradi pou lanfè Ou di m bagay ke l pa t konn janm oze di m Ou fè m bagay ke l pa t konn janm oze fè m Ou chaje ak eksperyans E m ka fè 'la différence' Men sa pa t anpeche ke m te livre kè m san rezon Mwen te trè vilnerab Mwen te pran yon moun tou cho, tou bouke Kounyeya, 'ex' mwen ap ri m, lè l aprann kijan ou ap maltrete m Ou di m bagay ke l pa t janm konn oze di m Ou fè m bagay ke l pa t janm konn oze fè m Chak fwa, w frape, ou fè m genyen flashback Chak fwa w andjable, ou fè m anvi pran 'ex' mwen back, oh Se pa 'toutes les fois', 'ex' yo konn pa bon Kounyeya, m konprann sa Girl, you make me miss my ex, my ex Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen Girl, you make me miss my ex, my ex Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen (moun mwen, moun mwen, moun mwen) Gen bagay m pa t ka dekouvri bonè Se 'au fil du temps' m vinn wè ki moun ou ye E si m ta konpare w ak 'ex' mwen Ou t ap pot premye pri nan fè m pase mizè, oh, oh, oh Ansyen moun mwen, oh (Pa t konn derespekte m) Se vre, sanble ansyen moun mwen te pi bon, oh (Li te konn fè lanmou, fè lanmou) Ansyen moun mwen, oh (Pou li, m te gen valè) Sanble ansyen moun mwen te pi bon, oh (Menm lè pòch te konn vid) Hello, Zenglen Men Kito wi Devan, m ap vini Ansyen moun mwen, oh (Vini koze, tande pwoblem mwen) Se vre, ansyen moun mwen te pi bon, oh (Jonas, gran frè m, ou te pale m) Ansyen moun mwen, oh (Ansyen moun mwen se moun ak kè li ye) Se vre, ansyen moun mwen te pi bon, oh Girl, you make me miss my ex, my ex (wo-ouh, wo-ouh) Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen Girl, you make me miss my ex, my ex (wo-ouh, wo-ouh) Ou fè m sonje ansyen moun mwen, moun mwen
Writer(s): Jean Brutus Derissaint Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out