Texty

Kenbe twòp pèn nan yon kè ki pa fèt pou sa E depi lè m te batize, mwen toujou reve n'ap rive Pase vi nou pèsekite pou tout bagay nou merite Ou te mèt mache antre La a se kay Bondye kote demon patap janm pase E tankou yon rèv yon jou w'ap wè tout pèn la efase L'Union, e "l'union fait la force," se vre Chante pou l'union, e "l'union fait la force" vre Sa se nou ki te kreye l Mwen te sou wout Petion Ville pou n desann lavil Pou m rive Top 50 pou mwen al anrejistre yon nouvo stil Pou yon albòm ki te rele "1804" Ke n pat menm panse moun t'ap renmen Men se konsa, pitit Bondye vinn pot viktwa Mennen limyè nan tout fènwa Leve chante pou ka fè sa, fè sa, fè l la L'Union e "l'union fait la force," se vre Chante pou l'union, e "l'union fait la force" vre Sa se nou ki te kreye l Mwen te sou wout Leogane pou m rive Kafou Pou m al kontre avèk yon baz ki te gen meyè son tanbou Kilti peyi m nan mizik yo 3 mapou te nan yon lakou Yo te dim w'a konstri chato, W'a tande mato m frape klou yo Pitit Bondye vinn pot viktwa Mennen limyè nan tout fènwa Leve chante pou ka fè sa, fè sa, fè l la L'Union, e "l'union fait la force," se vre Chante pou l'union, e "l'union fait la force" vre Papa Bondye nan syèl la k'ap veye nou Letènel pwoteje nou E lè w santi ke chay la vinn twò lou Zanj yo ap vinn ede ou Kenbe twòp pèn nan yon kè ki pa fèt pou sa E depi lè m te batize, mwen toujou reve n'ap rive Pase vi nou pèsekite pou tout bagay nou merite Ou te mèt mache antre La a se kay Bondye kote demon patap janm pase E tankou yon rèv yon jou w'ap wè tout pèn la efase
Writer(s): Inconnu Compositeur Auteur, Hantz Mercier Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out