Credits
PERFORMING ARTISTS
Blaze One
Performer
J One King
Performer
ELYSER SENORA
Performer
JIWENRISON GUETZ MARCENA
Performer
COMPOSITION & LYRICS
ELYSER SENORA
Songwriter
JIWENRISON GUETZ MARCENA
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
J One King
Producer
Songtexte
Blaze One vètè
OGF toutan toutan
Anndan peyi m travay plis ke libète
Pou yon pèp chomè gon mantal soudevlope viv san moniman
Istorik ki fè bèlte ayisyen pa vann patrimwan nou se fyète
M anvi wè vrè stati nèg mawon enkoni a
M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la
M anvi wè kouwòm emperè Faustin Soulouque la
M anvi wè lò te nan bato a Santa Maria
M anvi ASKO reyouvè n pa achte sik ankò ASYERI ouvè n pa achte fè
Ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa fè tèt cho pou fè etid lòt bò
Ayiti son bèl grenn fanm sak fè m anvi wè kò l m anvi wè bote l plis
Tankou manèt m anvi wè m fòl m anvi wè tijan m anvi wè
Tijak m anvi pòl lè m pase lakay pouchi plen manje m anvi wè bòl
M anvi wè wè stati Dessalines sispann gade lanmè m anvi wè tout sak
Nan lari bouke viv yon vi amè,
M anvi wè pa gen plenyen pou lakay monte chodyè m anvi wè peyi m nan
Tounnon w bèl flè ki chaje odè m anvi layann sakaje tout kote lanmou
Pataje linyon n rete atache pa kache rete gad a je m anvi pi rich pa
Chich yo pi gran pa pi trich yo pechè k'al nan lamè m anvi wè n
Tounen ak pil fish yo m anvi wè bèlte k' te gen lontan pou lòt peyi n
Reyenpòtan m pa vle l depafini m anvi wè l souri ak yon kè kontan m
Anvi wè l gran m anvi wè nou soti nan
Litani m anvi bisantnè lontan gran ri avèk plas d'
Italie m anvi wè sant dakèt kap ankadre ti moun kap jere talan gen
Twòp moun pye atè nan pòtoprens m anvi wè chalan m anvi wè gen mwens
Iletre nou tout gen leson ka lize m anvi
Wè sansibilizasyon pou peyi m desantralize
M anvi wè vrè stati nèg mawon enkoni a
M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la
M anvi wè kouwòm emperè Faustin Soulouque la
M anvi wè lò te nan bato a Santa Maria
M anvi ASKO reyouvè n pa achte sik ankò ASYERI ouvè n pa achte fè
Ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa fè tèt cho pou fè etid lòt bò
Pouki chak jou nèg kwense vi a plis pou n anjandre fyasko san moniman
Dèfwa fristre lè nap gade plas yo pouki m paka wè tren ap desann nan
Dabòn pou malere penpennen retounnen ale travay nan asko pèp la
Grangou m anvi wè yon magazen leta manifestasyon kont lavi lamizè ou
Di m pa kaze leta paka menm peta chak blokis se traka menm reta ka
Likide tout sa ki fè fyète nou ak vwazen d' leta onè respè n vann kou
Mango ki sot keyi tout vrè moniman n ekspoze andidan mize lòt peyi sa
Vin montre n nou kondane pou n viv nan dilema m anvi lido emperial ak
Capitol ret sinema tout peyi tounnnen lakay nou gen twòp tè kap
Gaspiye pwodui nou rete natirèl lè lòt yo pran l yap vasiye sak kite
Pwovens vin pòtoprens pou pran kontra moto inyore travay latè pou
Y'al mouri anba oto m anvi wè lopital jeneral listwa te di k te
Jenyal doktè paka touche jodia tout malad jene mal m anvi wè peyi m
Fon ti deplase nan stad li ye a pa gen
Vòlè kap pran chans di machann ban m tabliye a
M anvi wè vrè stati nèg mawon enkoni a
M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la
M anvi wè kouwòm emperè Faustin Soulouque la
M anvi wè lò te nan bato a Santa Maria
M anvi asko reyouvè n pa achte sik ankò asyeri ouvè n pa achte fè
Ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa fè tèt cho pou fè etid lòt bò
Writer(s): Jiwenrison Guetz Marcena
Lyrics powered by www.musixmatch.com