Musikvideo

Musikvideo

Songtexte

Nou fè sanblan inyore
Verite ki devan je'n
Li trè fasil pou jwe viktim
Pou kache reyalite
An Nou fè kòmsi nou pa wè
Lot peyi k'ap evolye
Nou fè kòmsi nou pa tande
Vwa yon pèp k'ap kriye
Men kilè n'ap konprann
Nou se yon sèl nasyon
Swa nou viv ansanm
Ou nou mouri ansanm
Men nou pa kapab ankò
Ankò ankò ankò
Nou pa kapab ankò
Ankò ankò ankò
Yo divize nou pou reye
Yo refize nou libète n
Yo vle fè'n bliye, kiyès nou ye
Rezon k fè'n te revòlte
Ohhh wi chak jou se menm bagay la
Bèl discours vann rèv charabya
Nan tout geto, se menm batay la
Yo se kobay pou labatwa
Men kilè nap konprann
Nou se yon sèl nasyon
Swa nou viv ansanm
Ou nou mouri ansanm
Men Kilè nap aprann
De erè nou yo
Men kilè nap konprann
Mizè timoun yo
Mesye Bondye wè nou tande
Bann mechan
Yo pa kapab ankò
Yo pa kapab ankò
Ankò ankò ankò
Yo pa kapab ankò
Ankò ankò
Yo pa kapab ankò
Written by: Berlindjerry Giraud Altidore, Richard Verdieu
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...