Μουσικό βίντεο

Tabou Combo-Lakay (sous-titré)
Δείτε το μουσικό βίντεο του {trackName} από {artistName}

Συντελεστές

PERFORMING ARTISTS
Tabou Combo
Tabou Combo
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Tabou Combo
Tabou Combo
Songwriter

Στίχοι

Ayiti ala'm kontan wè'w. Pòtoprens, pou jan m'anvi wè'w. Ayiti ala'm kontan wè'w. Haïtiens, mes frères, pou jan m'te anvi wè'n. Depi ayewopò, mwen santi'm transfòme Radyo, televizyon, jounalis, tout te vinn rankontre m Yo soti tout kote pou yo vinn akeyi nou Mwen te telman sezi, mwen pat menm ka pale An n chante! Ala kontan m'kontan aswè a m'nan peyi'm, (Mezanmi!) Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek zanmi'm Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek fanmi'm yo Ala kontan m'kontan, aswè a m'nan peyi'm. Sikilasyon bloke sou tout wout Montana Onzè diswa sonnen, n'ateri Chez Harry's Nou bwè bon Barbancourt, nou manje bon griyo O! Mèkredi premye mas, s'on jou m'pap sa bliye A'nn chante! Ala kontan m'kontan aswè a m'nan peyi'm, (Mezanmi!) Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek zanmi'm (Wi, se vre) Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek fanmi'm yo Ala kontan m'kontan, aswè a m'nan peyi'm. Ayiti cheri, se ou k' ban'm lavi Menm si mal kite'w, yon jou fòm retounen nan pye'w. Ayiti cheri, "Perle des Antilles" Menm si m'al kite'w yon jou fò'm retounen nan pye'w. Ayiti kinan mwen, Ayiti bèl fanm mwen Menm si m'al kite'w yon jou fò'm retounen nan pye'w. Ayiti cheri, se ou k' ban'm lavi Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w. Ayiti cheri, (Ayiti!) se ou-k ban'm lavi (Manman mwen!) Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w. "Perle des Antilles," Ayiti cheri Menm si m'al kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w. Ayiti Toma, mon pays cheri, Menm si m'nan Nouyòk Siti, yon jou fò'm vinn dodomeya nan pye'w Ayiti cheri, se ou-k ban'm lavi Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w. Lanèj mèt ap tonbe, fò'm ale travay Nou bouke! Li mèt "below zero," m'oblije al ponche Nou bouke! Menm si mwen fatige, fò'm al peye "bill" mwen Nou bouke! Nou bouke! Nou bouke manje manje chinwa Nou bouke! Nou bouke antre nan tou "subway" Nou bouke! Nou bouke bat lè nan faktori Ayiti cheri, se ou k ban'm lavi Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w.
Writer(s): Roger Montfort Eugene Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out