Letras

Amitye, se pa sa li ye Pouki w ap kache verite Mwen konnen depi gen plezi Ka gen kouri Lavi pa plezantri Si w te konnen ke w pa t pare Pa t dwe janm kite sa rive w Si kounye a la g on ti bebe Fò w degaje Pran responsablite w Pitit sa se pou ou li ye Ou pa bezwen tès patènite Ti bebe sa se pou ou li ye Fò w degaje w pran responsablite w Ou di se pa ou li ye Tès patènite pozitif Fè bagay pou ou gen rezon, zanmi Devan lasosyete Fòk ou pran responsablite Lè w fè erè w, fò w aksepte Pitit sa se ou li sanble Se san w li ye Se pou ou li ye Pitit sa se pou ou li ye (pa abandone l) Ou pa bezwen tès patènite Ti bebe sa se pou ou li ye Fò w degaje w pran responsablite w Way! Way! Way! Fò w fè devwa w Kòm yon papa Pa abandone l Fò okipe l Way! Way! AWay! Ou pa t pran Prekosyon Ou pa t met pwoteksyon Si, kounye a, yon bebe tonbe Asime responsablite w Ou pa janmen konnen Sa l ka devni demen Si ou pa pran l, ou pa okipe l Ou ka re regrèt Ou ki toujou ap bay konsèy Jodi a ou kache l nan boutèy Fò w pratike sa ou preche Pa abandone yon ti bebe Pou jan m konn tande w ap pale Jodi a, gade sa w fè Laverite a devan je w Ti bebe sa Pou ou li ye Men se pou li ye Ou pa t pran Prekosyon Ou pa t met pwoteksyon Si, kounye a, yon bebe tonbe Asime responsablite w Ou pa janmen konnen Sa l ka devni demen Si ou pa pran l, ou pa okipe l Ou ka re regrèt Ou ki toujou ap bay konsèy Jodi a ou kache l nan boutèy Fò w pratike sa ou preche Pa abandone yon ti bebe Pa tann se lè li fin grandi Pou ou vini nan vi li Si w konnen la a ou dwe fè devwa w Kòm yon papa Pou w pa regrèt pita Ou pa t pran Prekosyon Ou pa t met pwoteksyon Si, kounye a, yon bebe tonbe Asime responsablite w (ou mechan) Ou pa janmen konnen Sa l ka devni demen Si ou pa pran l, ou pa okipe l Ou ka regrèt Way! Way! Way! Okipe pitit ou Fò w fè devwa w Kòm yon papa (Pou pa pran nan child supports Pa abandone l Fò okipe l Ouh-ouh-ouh! Gade tout je li (avè w li sanble) Ouh, oh (se ou li sanble) Gade fòm tet (avè w li sanble) Na-na-na, jan li souri (avè w li sanble) (Se ou li sanble) gade fòm tèt li, w a wè (Avè w li sanble) Pitit sa se pa w (Pitit sa se pou ou li ye) gade ti bouch li Tèt koupe avè w (pa bezwen tès patènite) Se pou ou li ye (Ti bebe sa se pou ou li ye)
Writer(s): Kenny Desmangles Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out