Paroles

Mwen pral di w yon sekrè Ki nan kè mwen lontan M konen sa ap etone w Mèt kwè m se verite Bondye nan syèl konen Kijan ke mwen renmen w Se pi gwo mal mwen ta fè si mwen pa ta di ou sa Lanmou g on jan l manifeste Ou mèt fè sa ou vle Se kè k ap deside Pouki pou m kwè w renmen m Mwen se pitit Sòyèt Wabite nan on chato, mwen rete nan ghetto Nou pa menm ran sosyal nou pa sanble Wa di kijan sosyete a pral gade nou Si m ta chwazi yon moun ke m pa renmen Pou m fè lasosyete plezi Sa tap rann lavi m mizerab E si tout fwa paran m ta entèdi m Pou anpeche lanmou m grandi Se pi gwo mal yo ta fè nou Lanmou pa gen wo ni l pa gen ba Mande Ti Blan la di w Lanmou pa konn afè ran sosyal Ti Doktè vin eksplike l Lanmou pa konn blan ni l pa konn nwa Lanmou pa gen koulè Lanmou pa nan prejije Lanmou pa gen wo ni l pa gen ba Mande Ednol la di w Lanmou pa konn afè ran sosyal Marcelin Lalane vin eksplike l Lanmou pa konn blan ni l pa konn nwa Lanmou pa gen koulè Lanmou pa nan prejije Ti Lunèt M konnen yo pral pale Yo pral pèsekite m M konnen sa pa fasil Se nou k pou deside Pou mwen sa enposib Pa gen okin garanti Se mwen ki pral kriye Lanmou sa pap dire
Writer(s): James Momplaisir Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out