Paroles

Si tout limyè etenn sou chimen m ap mache Si pòt ap fèmen kote m bezwen rantre Si chak nouvèl mwen pran dlo koule nan je m Espwa m se nan Bondye Anyen Anyen pap souke lafwa m Mwen apiye sou sa pawol Bondye m nan di Pwoblèm jodi se pou on ti tan Espwa m nan li pou tout tan Menm lè m nan gro soufrans Touprè lanmò san pyès zanmi Ni pyès fanmi M konnen lavi genyen plizyè sezon Aprè lapenn na souri Sevre chaje pwoblèm poum ta plenyen Pito m konte sou sa m genyen M genyen Jezi pi bon zanmi m Espwa mwen se nan li Anyen Anyen pap souke lafwa m Mwen apiye sou sa pawol Bondye m nan di Pwoblèm jodi se pou on ti tan Espwa m nan li pou tout tan M pa konn detrès M pa konn doulè w M pa konn tray ou M pa konn feblès M pa konn tout kè w M pa konn chay ou Jezi konn bay on ti montay 2 3 ti fay pou w pa peri Dèfwa yon desepsyon son èpòt Pou glwa Bondye ateri Si pwoblèm vle fè ekran devan w souri Si w vle Jezi Kris viv andedan w mouri Depi w plede doute se swa w mouri Se swa w fou Sa w nouri se fòs ou Lè w nan plan Bondye menm pen sèch ka pase swaf ou Nenpòt epòk lap pete pòt Fòk ou pran lòt metòd tou Li mete 3 glòk bò kòt poul boykòt Tout kòlpòtè k vle stop ou Dye ki la jodi a Se li k te la yè An nou klè di dyab ouvri pòt Men Dye louvri baryè Lè delij lan Dye te chita Poutan lè m kriye l kanpe Epa antere w antere my friend Se plante ou plante Epa pwoblèm lan k pou chanje Men l la pou chanje w m trè serye Lè Bondye pran sa w pat atann Lap ba w sa w pat espere Kenbe frè m (Ou pa gen chwa zanmi) Menm lè wout la glise (Se rete rèd) Sè m kenbe fè m (Kenbe lafwa fanmi) Bondye pa bliye w (Ou pa ka lèd) Pwomès Bondye son woche pou w apiye Non non non fò w pa fè bak avèk Jezi gen espwa Anyen Anyen pap souke lafwa m Mwen apiye sou sa pawol Bondye m nan di Pwoblèm jodi se pou on ti tan Espwa m nan li pou tout tan Ou pa fè bak frè sa son elan pouw fè enpak Anyen Anyen pap souke lafwa m Mwen apiye sou sa pawol Bondye m nan di Pwoblem jodi se pou on ti tan Espwa m nan li pou tout tan
Writer(s): Wiliadel Denervil Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out