Paroles

Ou son manje an pwazonnen ki gou nan bouch mwen Yon lanmou ak kè plen Ki vle banm kè tounen M anvi pouse w m anvi jete w menm vle w ret sou mwen Ou rayi m m renmen w se tout sam santi anndan kè mwen Ou pran kè m ou rache l', mete l dòmi nan seren Nan fè mwen mal Ou pran plezi ou pa janm fennen Ou pran tout tan w. Ou pran san w pou ou ka fèm lapèn Babe, ou bliye sa w ye pou mwen Epi w derefize ou pa vle pou n fè lapè Oooohh M pa konn kisa pou m ta bay ankò Pase tout tan ap batay pou nou ka viv an pè Babe, ou bliye sa w ye pou mwen Epi w derefize ou pa vle pou n fè lapè Oooohh M pa konn kisa pou m ta fè ankò Ti krik ti krak Ou byen boude se la w pran tout vi m Achiv ou byen Monte pou w toujou jwe wòl viktim Se byen domaj ou pa ka wè se ou kap fè krim ohhhw Ou pran tout tan w. ou pran san w pou ou ka fèm lapèn Babe, ou bliye sa w ye pou mwen Epi w derefize ou pa vle pou n fè lapè Oooohh M pa konn kisa pou m ta bay ankò Pase tout tan ap batay pou nou ka viv an pè Babe, ou bliye sa w ye pou mwen Epi w derefize ou pa vle pou n fè lapè, oooohh M pa konn kisa pou m ta fè ankò -Troubleboy- Ou bliye sa w ye pou mwen m pat atann Mwen m konn sa m ye pou ou m pa konprann Ou dim ou pa care Tout sam di ou pa kwè Men an réalité m konfonn Ou fè m konfonn jwa ak tristès paske lè m kote w fache M avè w m pou kò m paske kontantman w kache Epi marye ak tris fè tan w paske tout sa m di w fache M anvi kite w m pa kapab paske kè m ap rache M pa bezwen pri m peye lòv renmen ebyen m peye pri a Kite w kraze kè m lanmou m ba ou piyay M gade jan w ap viv avèm m di banm solo Bagay sa ap sakaje m Nicky banm solo Solo Solo Solo (4) Ou son pwazon pou mwen (4) (Nicky banm solo) Solo Solo Solo (4) Ou se maladi mwen Maladi mwen ooooh E medikaman m an menm tan An menm tan (An menm tan) Maladi mwen E medikaman m an menm tan An menm tan (An menm tan) Ou tankou yon kleren Menm sim konnen w pral banm tèt fè mal Fò m bwè w kanmèm Yon manje gate Menm sim konnen w pral banm vant fè mal Fò m pran w kanmèm Cheri, ou se maladi mwen Maladi mwen E medikaman m an menm tan An menm tan (An menm tan) Maladi mwen E medikaman m an menm tan An menm tan (An menm tan) Ou tankou yon kleren Menm sim konnen w pral banm tèt fè mal Fò m bwè w kanmèm Yon manje gate Menm sim konnen w pral banm vant fè mal Fò m pran w kanmèm
Writer(s): Crystal Flores, Lord Jolissaint, Sanders Solon, Mackendy Talon Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out