गाने

Ou se richès mwen Ou se tandrès mwen Ou se jenès an mwen Baton vyeyès an mwen Ou se alegrès mwen Se ou k tristès mwen Ou se tou sa m genyen Ou ban m aspirasyon viv Ou mèt fè de mwen sa ou vle Mwen fè w kado tout nanm mwen 'Till the end of time Ou mèt fè de mwen sa ou vle Mwen fè w kado tout avni mwen Anything that you want Ou se reflè mwen Ou se panse an mwen Ou se lè m respire Ou bay nanm mwen manje Ou se somèy mwen Ou se langaj an mwen Ou se mizik mwen jwe Ou ban m aspirasyon viv Ou mèt fè de mwen sa ou vle Mwen fè w kado tout nanm mwen 'Till the end of time Ou mèt fè de mwen sa ou vle Mwen fè w kado tout avni mwen Anything that you want Pou ou, m ap chanje tout defo m yo Pa gen yon bout nan kè m ou pa deja wè Paske m ba ou tout sa m ye, oh-oh-oh! Men lanmou! Si pye m chape (ki te mele m, kite m tonbe pou ou) Si m pran rele (ki te mele m, kite m rele pou ou) Si pye m chape (ki te mele m, kite m tonbe pou ou) Si w wè m aji tank on ti bebe se paske mwen damou Ou se, ou se, ou se Ou se mèt mwen pwopriyetè m Ou se, ou se, ou se Ou se dlo m anvi bwè chak jou Ou se, ou se, ou se Ou se klète m, 'obscurité' m Ou se, ou se, ou se Ou se modèl mwen imite Si pye m chape (kite mele m, kite m tonbe pou ou) Si m pran rele (kite mele m, kite m rele pou ou) Si pye m chape (kite mele m, kite m tonbe pou ou) Si w wè m aji tank on ti bebe se paske mwen damou Ou se, ou se, ou se Ou se mèt mwen pwopriyetè m Ou se, ou se, ou se Ou se dlo m anvi bwè chak jou Ou se, ou se, ou se Ou se klète m, 'obscurité' m Ou se, ou se, ou se Ou se modèl mwen imite Men lanmou Si pye m chape (kite mele m, kite m tonbe pou ou) Si m pran rele (kite mele m, kite m rele pou ou) Si pye m chape (kite mele m, kite m tonbe pou ou) Si w wè m aji tank on ti bebe se paske mwen damou Ou se, ou se, ou se Ou se mèt mwen pwopriyetè m Ou se, ou se, ou se Ou se dlo m anvi bwè chak jou Ou se, ou se, ou se Ou se klète m, 'obscurité' m Ou se, ou se, ou se Ou se modèl mwen imite
Writer(s): Sanders Solon, Mackendy Talon, Nickenson Prud'homme Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out