क्रेडिट्स

गाने

Fanm pa m nan menm
Fanm pa m nan
Ou se fanm mwen an
Mesye, mesye, m gen solisyon
Écoute
Nan sosyete sa gen tout jan de fanm (yes)
Chak gason pa renmen tout stil de fanm (no)
Sa k ba w filing nan gen dwa pa stil pa m (anh)
Sa pa vle di poutan l pa yon bèl zam (Kenny, weh)
Fanm pa m se yon fanm ki santi bon
Fòk ou jèn jan tout bon pou w kapab bon
Fason ke l abiye se tèt chaje
Se tankou yon modèl k ap defile
Li gen yon souri ki geri maladi
Bote li se tankou yon bèl flè k ap fleri
Depi l rive yon kote tout jèn gason ebranle
Li fè bèbè pale, menm avèg vire gade
Sa se fanm pa m nan, sa se fan m pa m nan (Flav, ou nan zòn nan?)
Oh-oh-oh (Jbeatz, M la, piti, pale avè m)
Men fan m mwen an, men fanm mwen an (pou w gen fanm sa, g on jan pou ye, I know, yeh)
Fanm pa mwen an se yon fanm Kreyòl
An verite, li pi dous pase yon fanm Panyòl
Ka lage de gidon (eh-eh)
Lè l ap met presizyon
Sa k pi bon an, li endepandant
Li pa bezwen nothing but love
(She got her own, she got her own, eh-eh)
Ye, sa se fanm pa mwen an
Sa se fanm pa m nan, sa se fanm pa m nan (oh-oh)
Oh-oh-oh
Men fanm mwen an, men fanm mwen an
Gade fanm pa m nan, gade fanm pa m nan
Woy, woy, woy
Depi l rive on kote
Tèt tout gason cho kon dife (he-eh)
Gade fanm pa m nan, gade fanm pa m nan
Woy, woy, woy
(Prince Bobby, ou nan kay la wi) depi l rive on kote
Fanm kou gason tout ap tcheke (pale de fanm pa w la)
Fanm mwen an se yon fanm total kapital
Li ka bosal, men pou mwen l nòmal
Derapman l sèlman kapab blow your mind
Tonè kraze m sa orijinal
Mwen sèmante, eh
Bò bout sa se mwen k jere l, eh
(Se mwen k jere li) ou mèt koze, eh (eh-ah)
Pa gen anyen ki ka choke l
(Pa gen anyen ki ka choke l, wouh)
Jbeatz! (pale avè m, tòg)
Menm fanm ta renmen gen fanm sa (ouh)
Top Adlerman says so, watcha kraze m (nan, nan, nan, nan)
Si w konn gou janbon, sa se fanm pa m nan
Toujou santi bon, pi bon ke bonbon
Tout nèg vire won, men yo youn pa bon
Pa bezwen griyen dan, depi w teste l, w ap pran baton
Sa se yon fanm tout bon, se yon fanm gran panpan
Prezidan pran nan leman, anwo, anba l bon
E ti ren l bon, m renmen jan l jwe jon
Alò, mesye. pinga n rayi m paske afè m bon
Gade fanm pa m nan, gade fanm pa m nan (fanm pa m nan)
Woy, woy, woy
Depi l rive on kote
Tèt tout gason cho kon dife (yea, baby, dife)
Gade fanm pa m nan, gade fanm pa m nan (fanm pa m nan)
Woy, woy, woy
Depi l rive on kote
Fanm kou gason, tout ap tcheke (tcheke)
She's so bad
All of the men dem go crazy
Oh-oh-oh (eh-eh)
Oh-oh-oh
Oh-oh-oh
Prince Bobby, chante
Te mèt gade, ou te mèt tcheke
Tonnè boule m, anyen p ap mache
Te mèt sote, ou te mèt ponpe
Boubout sila se mwen k kòmande l
Mwen sèmante, eh
Bò bout la sa se mwen k jere l (se mwen k jere l)
Ou mèt koze, eh (manman, manman, manman)
Pa gen anyen ki ka choke l (pa gen anyen ko ka choke l)
(Whine to the beat)
Ati, Ati gyal dem
W ap kenbe kò w, w ap kenbe kò w
Konsa, konsa (konsa, whine to the beat)
(Let's go)
Gade fanm pa m nan, gade fanm pa m nan (sa se fanm pa m nan)
Woy, woy, woy (manman se li)
Depi l rive on kote (se li m te pale w la)
Tèt tout gason cho kon dife
Gade fanm pa m nan, gade fanm pa m nan
Woy, woy, woy (and everything is crazy)
Depi l rive on kote (Kiko vle pran l nan men m?)
Fanm kou gason tout ap tcheke l
Non (non) se fanm pa m li ye (se fanm pa m li ye)
Se fout fanm pa m li ye (se fout fanm pa m li ye)
Wi (wi) fanm pa m li ye (se fanm pa m li ye)
Written by: Jbeatz
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...