Dari
PERFORMING ARTISTS
Nickenson Prud'homme
Strings
COMPOSITION & LYRICS
Donaldzie Théodore
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Donaldzie Théodore
Producer
Lirik
Ayiti peyi nou
Ayiti cheri nou
Ayiti zantray nou
Ayiti pitit ou konn sa w vo
Ayiti, istwa nou
Ayiti, deviz nou
Ayiti, flanbo nou
Ayiti, fyète nou jouk nan zo
Bèl zile sanzegal
Yo pa vann nan jounal
Malgre w pran kou fatal
Ou pral briye kou zetwal
Ayiti, n ap rebati ou
Ayiti n ap retabli ou
Ayiti manman lavi nou
Ayiti, drapo w pral flote wo
Ayiti, nou vle byen ou
Ayiti, nou vle swen ou
Ayiti, nou renmen ou
Ayiti, pran vwa mwen kòm kado
(Pran vwa mwen kòm kado)
Pou n mande ou padon
Nou vle pran desizyon
Pou n trase yon leson
Pou nou fè sa ki bon
N ap rasanble kounya
Pou n reekri listwa
Nou deside fwa sa
Poze jès ki fè pwa
Pou demen, pou listwa
Pou lavni, pou memwa
N ap dechouke fè nwa
N ap konbat jouk viktwa
Ayiti
Zile a
Ayiti
Zile
Written by: Donaldzie Théodore

