Dari
PERFORMING ARTISTS
Vox Sambou
Performer
Robints Paul
Lead Vocals
Rémi Comier
Trumpet
Pit De Souza
Electric Bass Guitar
Vinicius Chagas
Flute
Mathias Burgos
Tenor Saxophone
Jean Daniel T. Desbiens
Drums
COMPOSITION & LYRICS
Vox Sambou
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Vox Sambou
Producer
Lirik
Istwa nou memwa nou se zam nou pou'n pa peri
Eritaj pa'n se istwa pa'n afriken ye bèje lavi
W'ap ekri'm pou'm kontribiye pou Pè Lepevedic
Ou bliye Boukman ak Makandal ban'n viktwa istorik
Yap mande'w ki saw fe pou peyiw yo bo'w lavi'w
Eske prè pou batay la sekirize fiti'w
Kay koule blofe solèy men li ka twompe lapli
Mizè nou gen pou'l fini men tout moun dwe pran lari
Definisyon nou se zam nou se lang nou
Nou dwe lib pou nou deside pou tetan nou Pagen anken moun ki ka vin finanse libete'w
Kolonyalis se volè yap veye'w pou yo vale'w Ranje ko'w timal si'w pa malad ou pal lopital Lakay yo san privilèj yo ta menm vle ofri'w kolèj
Yo lap rache dan tout pep la kontamine tout tè a Yon ekip chalatan yap pretan'n se yok ekspè a Se ansanm pou'n mete'n eradike egoyis
Sakrifis pou jenès la bay Jean Dominique jistis
Cheik Anta Diop enspire'n se pou'n òganizen Kolabore ak Ayisien ki renmen Afriken Rekonekte vwa zansèt yo
Rekonèt relijyon nou kase chèn ki nan tèt nou Lanati ap briye pou nou
Istwa nou memwa nou se zam nou pou'n pa peri
Eritaj pa'n se istwa pa'n afriken ye bèje lavi
Written by: Vox Sambou