album cover
Fidelite
6854
World
Fidelite è stato pubblicato il 19 maggio 2020 da Septentrional - Yon Ti Kout Je come parte dell'album Yon Ti Kout Je - Forever Young - Septentrional 70 Years
album cover
Data di uscita19 maggio 2020
EtichettaSeptentrional - Yon Ti Kout Je
Melodicità
Acousticità
Valence
Ballabilità
Energia
BPM96

Video musicale

Video musicale

Crediti

PERFORMING ARTISTS
Orchestre Septentrional
Orchestre Septentrional
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Orchestre Septentrional
Orchestre Septentrional
Songwriter

Testi

Fidelite
Lè m te pèdi lespwa
Lavi m te nan fènwa
Tout moun voye m jete
(Ou menm ou ramase m)
Ou siye dlo nan je m
Menm pou mizè w, ou pa t nye m
Paran w abandone w
Zanmi w yo imilye w
Pafwa w konn enkyete m
Mande si w ap ka sipòte
Lè m wè sa w ap pase
Kè m ap dechire, Septen
Mwen pa ka ba w sipò
Mwen konn anvi lanmò
Se lè sa ou vin pi fò
(An verite, ou s on trezò)
Pou mwen w pa gen minwi
Ou pa konnen lapli
Ou fè tout sakrifis
Ou pa janm vle wè m tris
Pafwa, m konn enkyete m
Mande si w ap ka sipòte
Lè m wè sa w ap pase
Kè m ap dechire
Kè m ap dechire
Malgre mizè mwen
Ou toujou bò kote mwen
Ou pa t janmen lage mwen
Malgre soufrans
Pa t janm abandone mwen
Ou toujou la avèk mwen, wo-yo
Fidelite
Se pi gwo prèv damou nou bezwen nan lavi (Huguens, ti fanmi)
Dans une relation
Fidelite
Se pi gwo prèv damou nou bezwen nan lavi
Dans une relation
Malgre mizè mwen
Ou toujou bò kote mwen
Ou pa t janmen lage mwen
Malgre soufrans
Pa t janm abandone mwen
Ou toujou la avèk mwen, wo-yo
Fidelite
Se pi gwo prèv damou nou bezwen nan lavi
Dans une relation (dans une relation)
Fidelite
Se pi gwo prèv damou nou bezwen nan lavi
Dans une relasyon (dans une relation)
Dj Waky
Se sa Septentrional
Guy Wewe, nou anvayi
Radyo a
Se nan Septen m te rankontre w
Se lè de nou moun marye pa divòse
Malgre pwoblèm
Pwoblèm kay la, ou la (cheri w toujou la)
Maladi, ou toujou la
Pwoblèm kay la, ou la
Maladi, ou la
Se nan Septen m te rankontre w
Se lè de nou moun marye pa divòse
Malgre pwoblèm
Pwoblèm kay la, ou la
Maladi, ou toujou la
Pwoblèm kay la, ou la
Maladi, ou la
Malgre mizè mwen
Ou toujou bò kote mwen
Ou pa t janmen lage mwen
Malgre soufrans
Pat janm abandone mwen
Ou toujou la avèk mwen, wo-yo
Fidelite
Se pi gwo prèv damou nou bezwen nan lavi
Dans une relation (sa a se vre)
Fidelite
Se pi gwo prèv damou nou bezwen nan lavi
Dans une relation
Fidelite
Se pi gwo prèv damou nou bezwen nan lavi
Written by: Orchestre Septentrional
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...