Testi

Lèt konsyans Blaze One Vètè Magic Touch Ak tout respè m tout onè m m ekri n yon lèt ke m pot ko vle pibliye Nan non tout Ayisyen k te vote n pou te fè n pi briye Obligasyon mwen konsène paske n pat vle pou n bliye Evazyon pèp sa se nou k lakoz richès tè sa fin piye Nou rezime tout sa k eksplike povrete Tout sa k vle di san fyète peyi n se kote pòv rete Nou wè depi se plen pòch son chwa fasil a vize Lage gheto nan zigzani kot espwa l majinalize Aristide Aristide prèt katolik ki rezon ki te fè w sede M pa janm bliye premye diskou w lè banyè w te FNCD Tout pèp la tap mache dèyè w e w te gen mwayen chanje vi l Nan salte a, nan chomaj èske w te eseye tande kri l Men sevre yon chèf diktatè li pran desizyon l san kouraj Men Titid pouki w te lese w dirije pa antouraj Ou se lidè karizmatik la, ti pè k te pou masif la Elu demokratikman par le peuple se te a vi vwa En 2001 monte restitisyon w montre w aktif Pèp la di ou k lakoz li pran mato lajan koperatif Sann rann kont, zam simaye ki bay gheto plis chimè Men w te vle ti nèg gen respè menm le n anba n konn vi limyè Boujwa admèt tout krim k ap fèt defè tou kriz e pou leta Malgre w tounen w chanje konsèp pat anpeche w pran koudeta Si lavalas yo ka trayi desann figi bay ti boujwa Se paske w manke karaktè ak yo w pat dwe bati pouvwa Yeah toujours à l'appareil Vètè à l'appareil Yeah empereur à l'appareil Boniface Pou m fè swit san tounen paj m pa wè rezon pou m poli fraz M vle ekri w yon lèt konsyans mon ex Prezidan Boniface M rekonet valè w men di m kisa w fè kò m pasasyon Se ou k siksede Jean Bertrand paske w te chèf, l'homme kasasyon Men w vin on yon premye mini spa lòt ke Gerard Latortue Nan enposib nous sommes tenus li vòlè yon etalaj fortune Nou pat sispann oprese kou zaboka y aprann keyi n Chaj jou n fè fas ak lidè dechèpiye machann peyi Sou gouvènman w lan n fè plis pèt ou vann blan nèg mawon Ou vann de lyon palè jistis yo pandan yon ti tan tranzisyon Peyi a san moniman men n pa sijere a vi a Pouki w vann istwa pèp la ou brote lò Santa Maria Men w vinn rive fè eleksyon ou ban n Preval malgre l defen Nan dosye lajan Petro si l pat mouri l tap mete fen M pa gen anyen m ka akize l nan verite l si g on deriv Men l kite yon gagotè fò n kesyone Jean Max Bellerive Yeah toujours à l'appareil Vètè à l'appareil Yeah empereur à l'appareil Martelly Martelly m pa vin blame w malgre m Panse awe w wout pwogrè n te ka push S on pèp ki te vote m vle raple w se pat mouch Jodya ou endekse nan lavi chè n koz gon Lajan k mal jere kite vire au verso de la souche Ou ban n diskou men l pa sufi pou detere n Ou pa bay peyizan repons kòm prezidan k pi eklere Pèp la ret sòt paske l tout bèl souvni l e madigra Sonje w pwomèt lekòl gratis sak fè n vote w sou Manigat N te gen espwa men lè n gad gouvènman w lan li ranpli ak ti vis Ou ban n Gary Conille, Laurent Gagòt, Kaplim fè twa minis Ou te konn di se palmantè k pa vle travay pou nou Men Prezidan sa w fè pou lajenès ki te batay pou ou Yo ba w yon pen pou n te manje ak vye ze a Jodi a pandan n grangou nou plen dèt anvè Venezuela Martelly peyi a sal pèp la mouri pou jwi lonè w wi Pa fon grenn lopital men w fè zanmi w yo milyonè wi Yeah toujours à l'appareil Vètè à l'appareil Yeah empereur à l'appareil Jocelerme Privert Prezidan Jocelerme Privert jodya m vin pou m adrese w M pa la pou m jije w, si w gen konsyans fòk lèt sa ta blese w M konnen w santi m ka oze koz lèt sa ranpli ak koze Men m fè devwa m kòm sitwayen sak fè gen kesyon m ka poze w Kisa w te itil pèp la ak doktora w fè gwo fiskal Kisa w te fè pou malere, moun nan gheto vi yo pi sal Nou tout pase nou piye, pep la grangou pou gon vi stab Kòman w santi w lè w malad se Sen Domeng w al lopital Prezidan m yo mechan nou san konsyans men nou pa vle admèt Ayiti se nou k rann li pi pòv patou l chaje ak dèt M konnen l pa ba w pwoblèm Privert lè w wè jèn yo ap pare pakèt M ap mande eske gon prezidan k ap vin kanpe ak pèp Dènyèman ou ekri liv gid kontribyab men w pa janm peye on taks Ou rich pandan tout karyè w nan leta men w pa janm kreye on bras Soufrans pèp la e progresyon n malgre n wè lavi di Tout profi n bay peyi a raboto se bagdad la siri Yeah toujours à l'appareil Vètè à l'appareil Yeah empereur à l'appareil Anvan m konkli kite m ini pèp sa M vle fini lèt sa lidè pèp verite olye n chanje nou pito pini nèg sa Nou koz pitit tè sa nan mond lan evade E sak reziye l pou rete tout sa n ofri l se 9 milimèt sa Jovenel Moise M pa wè avni lan kondisyon se krim sak san mwen M vle pou ou prezidan sa kap travèse fristrasyon mwen Nou ba w rivyè nou ba w solèy nou pa janm wè pwogrè Sak malad lopital jus kan l mouri li pa janm wè doktè Pa gen infra kob ap blanchi chomaj pa rakousi Franchman w fè karavàn gen plis grangou anyen pa abouti Pwomet avan w monte w ap met manje nan plat nou Pouki n manifeste se mèsenè w fè jwe nan kràn nou Bidjè w chaje koutay pou pèp pa detoublay Sispann mande dyalòg se chak 3 mwa pep la fe dechoukay M pa ka janti etank jèn m pote tout fado Jovenel lè w bay pèp manti e kòmsi ou te krache sou drapo w M pa ekri w pou kouran kòm blakaout nou pap fini M bezwen konn jan w santi w lè wè kochon an tap manje Vladimir Konstwi peyi w menm lè w sot ba depann de sans ou Ou te reponn lèt Tijan ebyen Jovenel m ap tann repons ou
Writer(s): Jiwenrison Guetz Marcena Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out