Testi

Yon doulè k a manje w, e doktè pa ka wè Men latè gen vèvenn pou tout sa ki choke w Yon rèl ka vle toufe w, e fòs ou vle lache w Men w se kinan mòn yo, rivyè yo ka sove w Nan lakou a Bwè asosi a Veye lalin plenn Pou jere koze a w Al anba mapou a Jete kafe a Take a breath And cry to Freda Aaaaaa aaaaaaa aaaaaaa aaaaaaa M konn dlo je w sot anwo pou l teri nan pla pye w E lafwa ou plen tach touman ake kòlè Men lòt bò rivyè a g on solèy k ap rele w Kot lonbrit ou tere, gen tout sa k pou fè w jeyan Nan lakou a Bwè asosi a Veye lalin plenn Pou jere koze a w Al anba mapou a Jete kafe a Take a breath And cry to your mama Aaaaaa aaaaaaa aaaaaaa aaaaaaa Pou kò a f on beny fèy kòmè Pou nanm ou f on limyè konpè Aaaa adye Lakou a, soufle solèy sou fènwa mwen Soufle chimen sou baryè mwen Soufle kout ri sou doulè mwen Klere m ou se solèy Aboudayi (iii) Bila bila (congo) Lè bouda fache kote li kote li kote li chita (atè) Mete pye w lòt bò dlo a Louvri je w sou lakou a Oh lakou a Voye je w sou lakou a
Writer(s): Harold St Louis, Emmanuel Pierre, Evenie Saint-louis Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out