album cover
Dekonekte
album cover
Dekonekte è stato pubblicato il 27 settembre 2024 da Underdog records come parte dell'album Dekonekte - Single
27 settembre 2024
EtichettaUnderdog records
BPM107
Melodicità
Acousticità
Valence
Ballabilità
Energia

Video musicale

Video musicale

Testi

Zanmi, kwaze, pa ka pale
Fanmi, lakay, ann pa pale
Fredi a fin kraze tout kò l’
Yon gwòg l’anvi koule
Pwojè, pwoblèm, dekonekte
E si w’ mande l’ kòman li ye
L’ ap di w’ tout bagay anfòm
Konsa l’ abitye
San plenyen, li la l’ap vanse
Li ret’ kwè ke lavi s’on boul k’ ape woule
Li jis vle on ti tan pou l’ f’ ‘on reve
Pou l’ fèmen je l’ , pou van lanmè pote l’ ale
Kote mizik sèl kòk chante
Pou l’ pran danse, pou l’ pran rele
Leve bonè, bourike
Kole, sere, zonbifye
Pou l’ egziste, li pa gen chwa,
Demen rekòmanse
Tèt bese, Konsa l’ ap avanse
E si w’ mande l’ kòman li ye
L’ ap di w’ tout bagay anfòm
Konsa l’ abitye
San plenyen, li la l’ap vanse
Li konnen byen lavi s’on boul k’ ape woule
Li jis vle on ti tan pou l’ f’ ‘on reve
Pou l’ fèmen je l’ , pou lasirèn
pote l’ ale
Kote mizik sèl kòk chante
Pou l’ pran danse, pou l’ pran rele
Pa mande l kote l pr’ale
Kite avi l’, kite l rele
Pou pran rele, pou pran rele,
Pou pran chante, pou pran rele
L’ap danse, L’ pa ka montre y’
Peyi lock, li pa konn lè l’ prale
E si l di w timoun pa ka manje
Pou pran rele, pou pran rele
Written by: Etienne Sevet, Kephny Eliacin

Loading...