album cover
M ale
album cover
M ale è stato pubblicato il 30 maggio 2026 da 3566258 Records DK come parte dell'album EGZÒD
AlbumEGZÒD
30 maggio 2026
Etichetta3566258 Records DK
LinguaFrancese
BPM139
Melodicità
Acousticità
Valence
Ballabilità
Energia

Video musicale

Video musicale

Testi

Figi m fin di, anyen mwen pa ka itil tèt mwen
Se je wont je nan lari m pa mache ak kwiy mwen
Ak gita m nan menm m chante pou m pase raj
Lè m vle revandike yo trete m kou bèt sovaj
Sa ki gen pouvwa ap toupizi sa ki pi fèb
Peyi m demounize m m fè pakèt mwen ak tristès
M ale, m al chèche sa peyi m pa ofri mwen
M ale san m pa konn sa m pral jwenn sou chimen mwen
M ale, m al chèche sa peyi m pa ofri mwen
M ale san m pa konn sa m pral jwenn sou chimen mwen
M ap bliye kiyès mwen ye
Ni nan ki lekol m t ale
Nenpòt sa k vini an m ap fè l depi sa ka peye
Libète kote w ye ? Sanble m ap mouri nan mal èt
Alòs m pran lavi m m depoze l nan yon malèt
Si lakay pa bon pi lwen ka miyò
M al bouske yo di m laba fòs ponyèt mwen se min lò
M ale, m al chèche sa peyi m pa ofri mwen
M ale san m pa konn sa m pral jwenn sou chimen mwen
M ale, m al chèche sa peyi m pa ofri mwen
M ale san m pa konn sa m pral jwenn sou chimen mwen
M ale m al chèche sa viv sinyifi
M bouke la la
Bouke batay
M bouke redi

M oblije fè pakèt mwen
M ale
Male
Male
M ale
Written by: Phrandy Noel, Rhod Telemaque
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...