クレジット

PERFORMING ARTISTS
Krispek
Krispek
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Krispek
Krispek
Songwriter

歌詞

M pèdi nan panse m, m oblije ekri sa a
M repwoche lavi, l pa jije de fason ekitab
Pouki g’on sèl jan pou w bay vi men plen fason w ka mouri?
Lanmò ap ratrape w nenpòt jan w kouri
Temps perdu ne se rattrape jamais
E se tan an k pran lavi donc j’m’en bâts les couilles.
Vie perdue n’se rattrape jamais
Pouki yon bagay si presye ke sa dwe efemè?
Pouki lavi se “limyè” men lanmò se “tenèb” ?
C’est trop risqué de vivre, m an danje isi-ba
M riske mouri si m jwenn gerizon on maladi mòtèl tankou Sida
M pè mache sou tè pou tranbleman l pa touye m
M patap ka suspendu dans les airs, koz nenpòt bal tap touye m
Paske lòm pa sispann tire anlè
Clic et boom!
Y ap touye w pou pran byen w kòmsi lè yo mouri yo pap kite youn
Si m di w, la vie est une fête qui a mal tournée, frère, y’a pas d’ « fo di »
C’est trop risqué de vivre, demande à Kobe
Renmen malgre tout diferans nou
N ap kontinye kenbe espwa, malgre tout soufrans nou
Lavi se yon kado men…
Lèzòm jis anpwazone l
Nou pap soti an vi vre
Isi ba lavi a twò riske
M fimen sigarèt pou l touye strès mwen, l touye sante m
Pafwa m pa konnen si m vivan, si m mò
Yo tou 2 sanble m
Kòman m ka santi m safe nan yon mond k ap detwi?
Di m...
Pou premye fwa nan vi m mwen manke apeti
On panse spesyal pou manman k pèdi vi yo nan bay nouvelles vies
Hollywood bay manti, se san kamera moun fè fim
Coronavirus s on ekstrè de sa lòm ye an vrè
Ouais! Sepa lanmò ki pral montre m lanfè
Chine, Russie, France, USA
L’Angleterre, L’Allemagne, L’Italie, Etc...
Grandes puissances yo gen twòp kesyon pou yo reponn sou byennèt
D’Afrique jusqu’en Haïti, pa gen lanmou entre “nègres”
M pa wè BONÈ ekri nan dola
Al di D-Fi ke mwen tou m’ fè le majè bay mond yo a
Sou yon chèz pay plen pinèz, on sigarèt nan men m, m chita m ap tann lè m
Si m mouri demen, tant mieux, m tap mouri kanmèm.
Renmen malgre tout diferans nou
N ap kontinye kenbe espwa, malgre tout soufrans nou
Lavi se yon kado men…
Lèzòm jis anpwazone l
Nou pap soti an vi vre
Isi ba lavi a twò riske
Mwen m se grenn mouton k trayi twoupo a
Si on grenn zoranj gate, jete avan l anvayi tout lo a
Pran pwoblèm yo nan rasin yo.
Ou gen rèv, ou gen lide chanje sa ben pare ou pou yo asasine ou
Ka nou tris, pouri, layèn nouri n
Sa fè lontan n sispann viv, nou jis poko mouri
Nan mitan n chaje trèt
M konprann gen esklav ki vle chanje vi l, gen lòt tou k jis vle chanje mèt
M pa t tann gè ikrèn pou m te rann kont mond lan kriyèl
Nou twoke reyalite n pou ti konfò vityèl
Se pa betiz yo k plis choke m, men silans nou
Enjistis yo kontinye donnen, apati endiferans nou
Sinik yo pa sispann epate m
M wè rich k ap priye pou byennèt pòv
Pandan yo pa sispann eksplwate l
On bann parazit
Ban m di, kondi Alpha Blonndy
Salòp sa yo boule paradi m
Renmen malgre tout diferans nou
N ap kontinye kenbe espwa, malgre tout soufrans nou
Lavi se yon kado men…
Lèzòm jis anpwazone l
Nou pap soti an vi vre
Isi ba lavi a twò riske
Written by: Krispek
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...