album cover
2 Viktim
31
Hip-Hop/Rap
2 Viktim은(는) 앨범에 수록된 곡으로 2022년 2월 6일일에 K-Lib Mapou에서 발매되었습니다.Pou Listwa
album cover
발매일2022년 2월 6일
라벨K-Lib Mapou
멜로디에 강한 음악
어쿠스틱 악기 중심
발랑스
춤추기 좋은 음악
에너지
BPM130

크레딧

실연 아티스트
K-Lib Mapou
K-Lib Mapou
리드 보컬
작곡 및 작사
K-Lib Mapou
K-Lib Mapou
가사
Marc-Alex Daméus
Marc-Alex Daméus
작곡가
Valckensy DESSIN
Valckensy DESSIN
작사가 겸 작곡가
프로덕션 및 엔지니어링
Marc-Alex Daméus
Marc-Alex Daméus
프로듀서

가사

2 viktim
[1e vès: Yon Dyaspora]
Fin fè kòb isit, m ta f on desann anba
M ta f on al trip, men m pa kapab
Viv bò isit aba laba
S on kriz politik nou tout ki koupab
Manifestasyon kraze brize, boule kawoutchou, piye biznis, touye moun.
Opozisyon militan, etidyan tout ap pran kòb nan men gwo zouzoun
Ayisyen pa bon, ayisyen mechan, s on peyi ki posede anba men demon
Vilaj de dye Matisan se gang ki anndan yo, so fout lage yon bonm
Yo touye prezidan n, epi nou kontan, nou pa manke lèd devan je lemond
Bondye k fè m te kite vye peyi sa a, sèl sou papye transfè pou Ayiti wè non m
Pon
W ap gad de lwen, panse w konprann
Se pa je w ki pran nan piman
Diaspora pleziyis renmen Ayiti, se nan evènman
Si sa te vrèman konsène w, se pa nan peyi moun ou ta ye
Avwe ke l pa twò deranje w, depi èpòt ouvri w kouri vin taye
Wouk
Pandan n ap vibe, pandan n ap trip
Sa pa gade l depi l pa viktim
Pandan n ap vibe, pandan n ap trip
Silans sa ki ka pale se krim
Pandan n ap vibe, pandan n ap trip
Diaspora, klas mwayèn se viktim
Pandan n ap vibe, pandan n ap trip
Pa panse paske w ap viv nan yon vitrin
Se nou tout yo trete de latrin
Menm si w kwè w ap viv nan vitrin
[2em vèsè: Yon Ti Boujwa]
Ala ti pèp sovaj mesye, li plis kwè nan detui
An! kraze vit biznis mwen,
Boule ti machin mwen, se sa k militan an
Pandan m pa t menm nan politik
M pa pou, m pa kont m pa menm nan mitan an
Bon! Lè yon moun fè efò pèsonèl pou l rive, pouki nou egri.
Nou fout anpeche yon peyi mache
Mache fè pil pitit nan tout rakwen
Dat n ap manifeste, voye ale
Nou ret nan menm pwen an, kilè n ap met pwen.
Chita la ret tann leta, pandan n te ka nan antreprenarya
Se vre peyi a an reta
Men pwogrè pa p vini nan pran lari a
Pon
Klas mwayèn reve je klè
2 bal pou dekouvri vizaj.
Makiyaj sou lavi demeplè
Pèsepsyon reyalite 2 vizaj
Si nan geto ekzistans youn tounen atanta pou lavi lòt.
Pasivite w nan mouvman rezistans, fò w tounen potanta pou zòt
Written by: K-Lib Mapou, Marc-Alex Daméus, Valckensy DESSIN
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...