뮤직 비디오

제공

크레딧

실연 아티스트
Jean Belony Murat
Jean Belony Murat
실연자
작곡 및 작사
BélO
BélO
송라이터

가사

Sa pa dwe Sa pa dwe Si w te ka pale ak dlo ki nan je m Li ta di w ki sa m genyen Lè m ap kriye san rezon Si w te ka pale ak batman k nan kè m Li ta di w ki sa m pè Kè m palpite tout tan Tout tan timoun yo nan touman Ya koukouman, anba tout move van an Pa gen moun ki f'on jan, adje! Timoun jodi, granmoun demen Se sa tout tan y ap klewonnen Si sa k devan ba yo lamen Mete yo sou bon chimen W a wè yon jou Kijan peyi mwen va chanje Figi l va vin bèl tankou bijou Men se pa sa m wè ditou Sa prèt pou fè m fou M kontinye reve sa toujou, adje! Si w te ka pale ak dlo ki nan je m Li ta di w ki sa m genyen Lè m ap kriye san rete Si w te ka pale ak batman k nan kè m Li ta di w ki sa m pè Kè m palpite tout tan Mwen pa wè timoun yo nan chimen Ki mennen yo nan limyè pou yo wè klè Lespri m pa janm kab anpè, non! Timoun sa yo, se yo k espwa Ayiti Gad jan y ap drive nan lari Yo anba solèy, lapli avèk fredi Yo pa gen fanmi, ni zanmi Timoun yo Se bon semans yo k ap pote delivrans vre Timoun yo Se nou ki pou ba yo yon chans Timoun yo Fòk nou ankadre yo Ankadre yo Se yo ki avni peyi nou Ede yo Se yo menm ki kanè bank peyi nou Yo konte sou nou pou pwodwi gwo interè Timoun jodi, granmoun demen Se sa tout tan y ap klewonnen Si sa k devan ba yo lamen Mete yo sou bon chimen W a wè yon jou Kijan peyi mwen va chanje Figi l va vin bèl tankou bijou Men se pa sa m wè ditou Sa prèt pou fè m fou M kontinye reve sa toujou, adje! Timoun yo (timoun yo) Se bon semans yo k ap pote delivrans vre (Timoun yo) Se nou ki pou ba yo yon chans, souple (Timoun yo) M di w se pou nou ankadre yo Se pou nou ankadre
Writer(s): Belo, Jean Belony Murat Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out