Muziekvideo

Kaï ( Richard Cavé) - Nou Pa Moun Ankò Lyrics
Bekijk de videoclip voor {trackName} van {artistName}

Credits

PERFORMING ARTISTS
KAI
KAI
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Richard Cavé
Richard Cavé
Songwriter
Roosevelt Saillant
Roosevelt Saillant
Songwriter

Songteksten

Nan met linèt solèy nan je lalin N ap fonse nan fènwa ak tout boulin Nou pèdi larezon Nou pèdi larezon Nan chache sanble sa nou pa ye Nan penyen lage, mache gaye Nou pedi direksyon Nou pedi direksyon N ap krache sou senbòl ki te ban nou libète Pou nou te egziste Nan vomi nan bòl payizan k pa sispann plante Pou ban nou manje Nou preske pa moun ankò (Nou pa, nou pa) Nou preske pa moun ankò (nou pa) Nou bliye sa k fè n Ayisyen Nou preske pa moun ankò (Nou pa, nou pa) Nou preske pa moun ankò (nou pa) Nou bliye sa k fè n Ayisyen Nan pandye rèv nou tèt anba Nan pimpe krèm peyi n laba Nou san destinasyon Nou san destinasyon Nan rele viv oubyen aba Nan goumen nan move konba Nou bay indinyasyon Nou bay endinyasyon Nan ouvè pòt pou tout vye adjipopo antre Fyète n vire lanvè Nan mete galipòt gagote sa nou posede Nou pèdi pou revè Nou preske pa moun ankò (Nou pa, nou pa) Nou preske pa moun ankò (nou pa) Nou bliye sa k fè n Ayisyen Nou preske pa moun ankò (Nou pa, nou pa) Nou preske pa moun ankò (nou pa) Nou bliye sa k fè n Ayisyen Nou fèmen je n pou n pa wè Nou fèmen kè n pou n pa wont Manti n ap bay tèt nou Manti n ap bay tèt nou Nou fèmen je n pou n pa wont Nou fèmen kè n pou n pa wè Manti n ap bay tèt nou Manti n ap bay tèt nou Machin lanmò a pèdi fren L ap woule je fèmen Konbyen san k pou koule Konbyen rèl ki pou rele Machin lanmò a pèdi fren L ap woule je fèmen Konbyen san k pou koule Konbyen rèl ki pou rele Nou fèmen je n pou n pa wè Nou fèmen kè n pou n pa wont Manti n ap bay tèt nou Manti n ap bay tèt nou Nou fèmen je n pou n pa wont Nou fèmen kè pou n pa wè Manti n ap bay tèt nou Nou pèdi pou revè Nou preske pa moun ankò (Nou pa, nou pa) Nou preske pa moun ankò (nou pa) Nou bliye sa k fè n Ayisyen Nou preske pa moun ankò (Nou pa, nou pa) Nou preske pa moun ankò (nou pa) Nou bliye sa k fè n Ayisyen
Writer(s): Roosevelt Saillant Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out