Songteksten

Yèw! Kenny, ou-ye-non! Sa gen lontan nou renmen Men sa gen lontan depi nou pa viv byen Se kè senyen, tout la jounen, n ap goumen Pou lòt nou pa vo anyen (Anyeyay) M pa konn ki dènye fwa nou pale M rete, m pa di anyen, maling menm ap anpire Ki dènye fwa nou f on ti bo Lè m swaf, nan bouch mwen w met ti dlo Gen lè w pa wè nou fin dezabitye Se tank on motè ki pa vle pati Nan kaye lanmou, nou chaje rati Relasyon sa bezwen bon jan terapi Koz lanmou nou sou woulib, woulib Se tank on motè ki pa vle pati Nan kaye lanmou nou chaje rati Relasyon sa bezwen bon jan terapi Koz lanmou nou sou woulib, woulib, woulib (Ouh-oh) cheri, ou-ye, ay! (Ouh-oh) Doudou mwen (Ouh-oh, oh) wo-oh-oh Son-sonje lè n te komanse, nou te konn fè tout bagay Kounya n kanpe de lwen, n ape fè lot babay Mwen ave w toujou sou kont, nou tankou de kòk batay Pou n retounen menm jan an, m pa konn sa pou m ta bay M ap chache, m ap chache rezon ki fè, jounen jodi a, mwen avè w pa an akò M bouke, m bouke fè sanblan n ap byen pase devan la sosyete Bagay sa m pa dakò Wayayayay, woyoyoyoy! Dèfwa m rete, cheri, m santi m sèl Wayayayay, woyoyoyoy! Pou lanmou transfòme e l anmè kou fyèl Se tank on motè ki pa vle pati Nan kaye lanmou, nou chaje rati Relasyon sa bezwen bon jan terapi Koz lanmou nou sou woulib, woulib Se tank on motè ki pa vle pati Nan kaye lanmou, nou chaje rati Relasyon sa bezwen bon jan terapi Koz lanmou nou sou woulib, woulib, woulib (El Chapo, lanmou m tounen bogota, vin ede m pouse) Konpa Gade m Cheri Menm Kawotchou m plat Lè lanmou n ap fane Li bezwen wouze Pou si tèlman nou chanje Nou dezabitye Èske w pa wè nou dekonekte Fòk nou pale E si silans sa kontinye Lanmou n deja kraze Pouki n pa rekomanse (woulib) Lanmou n ap degringole (lanmou n sou woulib) Fò n aprann kominike (woulib) M pa vle nou detui sa nou fin bati Pouki n pa rekomanse (woulib) Lanmou n ap degringole (lanmou n sou woulib) Fò n aprann kominike (woulib) M pa vle nou detui sa nou fin bati, ye-i-ye-e! Se tank on motè ki pa vle pati Nan kaye lanmou, nou chaje rati Relasyon sa bezwen bon jan terapi Koz lanmou nou sou woulib, woulib Se tank on motè ki pa vle pati Nan kaye lanmou, nou chaje rati Relasyon sa bezwen bon jan terapi Koz lanmou nou sou woulib, woulib
Writer(s): Kenny Stinvil Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out