Songteksten

Ayibobo Anpil tan n'ap goumen E anpil ke lut la kòmanse Men li lè pou l fini mesye Nèg fatige men Ayiti... Sa fè anpil tan, chak jou ou leve nan lavi di Priye Bondye silvouplè fè pwoblèm sa a pati 'Pil tan, dife sou lari nou pè soti Fè m pè fè pitit pou l pa jwenn kote pou l grandi 'Pil tan nou bezwen 'on mirak, fò n fè l vini Depi ou Ayisyen ou ka rele m fanmi 'Pil tan frè ap piye frè nou di "Pouki?" Olye w priye pou mwen, ou ta renmen m detwi 'Pil tan Mwen m'wèl fè twòp tan, 'pil tan 'Pil tan fè anpil tan 'pil tan Mwen m'wèl fè twòp Ayibobo Bobo, Ayibobo, manman manbo, leve m pi yo Ayibobo Leve m pi wo Bobo, Ayibobo Site Solèy jouk rive anba Limbé M'gen lòv pou tout katye Lè w tande lame libète se solda k'ap pale Kwen lari danje w'oblike mache ak Kadaffi chaje Priye Bondye tèt mwen pa eklate avan m'jwenn destine m Gwo bout pwoblèm yo anfle Planèt la banm vètij lè l'ap vire Mantalite chanje, nèg paka viv si li pa jwenn manje Sak vid paka kanpe Si dlo pa jwenn rasin lan pap pouse Yon sosyete ki ne a peri, n'fatige revolte Nou wè twòp tan pase Un maitre pou tout kote Se lakay mwen pouse Se la rasin mwen ye Se la pou m antere Sa fè anpil tan Chak jou ou leve nan lavi di Priye Bondye silvouplè fè pwoblèm sa a pati 'Pil tan, dife sou lari nou pè soti Fè m pè fè pitit pou l pa jwenn kote pou l grandi 'Pil tan nou bezwen 'on mirak, fò n fè l vini Depi ou Ayisyen ou ka rele m fanmi 'Pil tan frè ap piye frè nou di pouki Olye w priye pou mwen, ou ta renmen m detwi 'Pil tan Mwen m'wèl fè twòp tan, 'pil tan 'Pil tan fè anpil tan 'pil tan Mwen m'wèl fè twòp Moun Okap, tè Breda, Gonayiv, Africa Respekte sa nou refize viv konsa Moun Okay, Jeremie, Labadie, Makaya Konnen limyè ap tann ou nan fen koulwa Pòtoprens, moun Kafou, tout se frè Kiskeya Sot Fanm Pa Dra jouk rive sou ba Delmas Respekte sa, nou refize viv konsa Nou rele chak fwa nou chante se lame libète (rpt) (Chak swa m'fè yon priyè, nèg priye ke peyi sa a va chanje) (Ke tout frè va kanpe ansanm pou yo ka f'on efè sou sitèm lan) (Ou konprann.) Nou priye chak fwa nou chante se lame libète "Ayibobo" nou rele chak fwa nou chante se lame libète (rpt) Bobo, Ayibobo, manman manbo, leve m pi yo Ayibobo 3x Leve m pi wo Bobo, Ayibobo
Writer(s): Hantz Mercier, Christopher Laroche Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out