Teledysk

Teledysk

Kredyty

PERFORMING ARTISTS
Roody Roodboy
Roody Roodboy
Performer
COMPOSITION & LYRICS
roody petuel dauphin
roody petuel dauphin
Songwriter
Jean Haspil Ulysse
Jean Haspil Ulysse
Songwriter

Tekst Utworu

Mmh, mmh-mmh
Wè-èh, wè-èh
Ou konsidere l tankou on ti prens chaman (chaman)
Li ka ba w lò ak dyaman (dyaman)
Li peye tout bill, take care finansyèman (syèman)
Men w pa erez reyèlman
Malgre w ouvè kè w ba li
Li toujou ap twonpe w
Malgre respè w gen pou li
Li toujou ap blese w
Chak tan l fin fè w kriye
Annapre, l pote flè
Bèl pawòl fè w bliye
Tout mal li te konn fè w
Li toujou kite w n on kwen pou l al banbile
On dal soufrans ke w ap andire
Ak zanmi w, l ap twonpe w, moun ki pi mal pase w
Se malenng nan k ap anpire
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa
Eksperyans sa (fè w wè lajan pa lanmou)
Lajan pa lanmou, bebe
Sa w ap viv la (fè w wè lajan pa lanmou)
Lajan pa lanmou, bebe
Lè l nan lari, li p ap reponn apèl ou
Menm si l online, li p ap reponn mesaj ou
Ou pa priyorite l, franchman pito w kite l
Li k enfidèl, poutan se li k pi jalou
Plen bon nèg k ap file w
Ou kite youn ap imilye w
Chak tan l nan vi w, l ap itilize w
Lè l ak lòt fanm, l ap minimize w
Se pa paske l gen lajan pou l ba w
Ki fè li gen dwa pou l maltrete w
Ou s on fanm vanyan fò w ka reprann dwa w
Fò w pa kite pèsonn rabese w
Chak tan l fin fè w kriye
Annapre, l pote flè
Bèl pawòl fè w bliye
Tout mal li te konn fè w
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Eksperyans sa (fè w wè lajan pa lanmou)
Lajan pa lanmou bebe
Sa w ap viv la (fè w wè lajan pa lanmou)
Lajan pa lanmou, bebe
Written by: Jean Haspil Ulysse, roody petuel dauphin
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...