album cover
Ale Grenadier
album cover
Utwór Ale Grenadier został wydany 12 czerwca 2026 przez Ogota Group LLC jako część albumu Ale Grenadier - Single
Released12 czerwca 2026
WytwórniaOgota Group LLC
JęzykEnglish
BPM144
Melodyjność
Akustyczność
Valence
Taneczność
Energia

Tekst Utworu

Pa kite gol yo pase
Nan mitan janm nou
Fok nou sonje zanzèt
Nou yo te fè listwa
Grenadye nou yo
Pral refèl ankò
Nan mondyal de mil vensis la
Kè nou prale kontan
Nou prale rejwi ansanm
Nap ba yo gol tou pa tou
Ayiti nan mondyal deux mil vensis
Se yon evènman ki reveye
Tout Ayisyen, ki enspire
Tout Ayisyen nan tout nivo
Mizisyen ap fè bèl mizik
Powèt ap voye bèl kout plim
Menm zè legliz ap chante
À la gloire de Dieu yap mande
Pa kite gol yo pase
Nan mitan janm nou
Fok nou sonje zanzèt
Nou yo te fè listwa
Grenadye nou yo
Pral refèl ankò
Pè ak Pastè ap fè priyè
Bòkò ak mambo ap jete dlo
Trase vèvè, fè seremoni
Pou rele zanzèt yo vini
Nan tèt Guerrier, monte
Pye Izidor, Nazon ak lot yo
Pou chak chout se gol
Chak Kout tèt chire filè advèsè yo
Kanpe nan do Plasid pou li
Pa kite gol yo pase
Nan mitan janm nou
Bare anwo, bare anba
Ak balon nan pye
Nap chante Grenadye
ALaso, Grenadye alaso
Se pa moman pou nap
Griyen dan, fawouche lot
Se mete men ansanm
Kole tèt ansanm
Pou nou mete batay vètyè
A sou mayo nou paske yo pè
Imaj sa
Kouri ak imaj la anlè
Fè ronn teren yo ak li
Si nou bouke pran souf
Hum, hum, hum, hum, hum
An ale kouri ankò, Drapo anlè
Vètyè anlè, frape pye atè
Sekwe latè, goudou goudou
Goudou goudou, goudou goudou
Goudou goudou, goudou goudou
Frape pye nou atè tonnè
Goudou goudou, goudou goudou
Kouri ak imaj la anlè
Fè ronn teren yo ak li
Si nou bouke pran souf
Hum, hum, hum, hum, hum
An ale kouri ankò, Drapo anlè
Vètyè anlè, frape pye atè
Sekwe latè, goudou goudou
Goudou goudou, goudou goudou
Written by: JB JB
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...