Letra

Yon ti erè ke mwen te fè Te fè la vim tounen y lanfè Ou fin kitem wap panikem Eske se vre ou vle tiyem Mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi Poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri Menm Bonbye pa bay de pèn alafwa Poukisa ou pa sispann banm traka Pouki nou pa ansanm depi ou wèm ou tonbe agasem Pouki lèm yon kote ou vin parèt ou tonbe trakase Ou pa yon ènmi pou mwen m pa wè rezon pouki wap nwim toujou Ou kapab diferan de mwen ki koz mwen pa nan viw toujou Se pa destenn poun kontinye Menmsi m gen tò mwen diw ase Lanp lanmou n rive etèn fok n akseptel sa dwe pase Lè moun palew de mwen nonm se pi gwo mo k sot nan bouch ou Gen lèw gentan bliye si se mwen ou te konn rele chouchou Ou dim paka fè bonè Mwen vle ale san regrè Nan la vi pa janm di jamè Pran pleziw tanpri banm lapè Lèn te konn gen pwoblèm pat janm te konn nan rakonte zanmi M pa wè poukisa se jodia ou deside banm bri Ase mwen santim fatige Ase pouki wap panikem Ase mwen santim pakabap ankò Se ou kap koz lanmòm Ase mwen santim fatige Ase pouki wap panikem Ase mwen santim pakabap ankò Yeah eah Apre tout sa ki fin pase pouki se mwen ou toujou ap chache Fin fè viw wap machak kom wap pale sou dom tout kotew pase Ou tou fèm wè ke lanmou pi devan ka tounen pyèj Pandan wap jijem pou sam te fè ou menm ou pa yon sent vyèj Pouki depim tandew nan yon zòn mwen menm m oblije lase Plede relem nan telefòn chak jou vim wap menase Wap mache wap chachem, plede mande kote mwen pase Kotem kache, kounya m fache sim te fèw bagay ki mal mwen diw ase Ase mwen santim fatige Ase pouki wap panikem Ase mwen santim pakabap ankò Se ou kap koz lanmòm Ase mwen santim fatige Ase pouki wap panikem Ase mwen santim pakabap ankò Yeah eah Tout kotew pase wap palem mal wap dim se vagabon Menm soufri ase, m konenm few mal se pa mwen k pi pa bon Mwen fout bouke fwa sa M refize pot kwa sa Wap gade byen li pa nòmal poum abese fwa sa En an gentan pase deja m santim anvi chanje paj Ou dim gen tò devan la lwa menw vle jijem avek raj Pa janm gen pèn san sekou Pat dwe gen hèn an retou Pran jew gadem wap wè etam, menm lem konenm baw degou Konpreyansyon, afeksyon prensipdebaz tout relasyon Te merite afeksyon, avan tou konenm se gason Non machè sa pa bon Atansyon pa kapon Pa kwè se mwen sèlman ki rann jwèt la vin makawon Yon ti erè ke mwen te fè Te fè la vim tounen y lanfè Ou fin kitem wap panikem Eske se vre ou vle tiyem Ooo Mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi Poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri Menm Bonbye pa bay de pèn alafwa Poukisa ou pa sispann banm traka Mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi Poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri Menm Bonbye pa bay de pèn alafwa Poukisa ou pa sispann banm traka Ase mwen santim fatige Ase pouki wap panikem Ase mwen santim pakabap ankò Se ou kap koz lanmòm Ase mwen santim fatige Ase pouki wap panikem Ase mwen santim pakabap ankò Yeah eah Ase mwen santim fatige Ase pouki wap panikem Ase mwen santim pakabap ankò Se ou kap koz lanmòm Ase mwen santim fatige Ase pouki wap panikem Ase mwen santim pakabap ankò Yeah eah
Writer(s): Knaggs Roosvelt Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out