Lyrics

Yon jou tout pwoblèm mwen gen pou ale Mwen pap genyen dèt pou mwen peye Ni m pap bezwen travay poum fè yon ti monnen Yon jou nan lavim solèy va leve Tout richès mwen yo va ogmante Mwen pap bezwen travay poum gon pen kotidyen Yon jou mwen va delivre Yon jou ma sispann kriye Yon jou Jezi ap vini chachem Zanmim gad kijan kè ou boulvèse Chak matenw leve wape kriye Ou pèdi tout espwa, ou panse Bondye bliyew Poutan se fòs lap met nan feblès ou Nan difikiltew pa dwe kagou Men fok ou aji fwaw pou Kris konbat pou ou Yon jou ou va delivre Yon jou wa sispann kriye Yon jou Jezi ap vini chachew yon jou Yon jou na monte nan syèl kot Bondye E pami moun sove yo non nou va site Yon jou nou va adore li san fen Yon jou nan syèl la nou pral mennen Nou va delivreeeee Nan syel la nou va fete ooo Jezi ap vin cheche n pou nou monte nan syel avel Se va la jwa ki pap janm finii Yon jou nou va delivre Yon jou nou va sispann kriye ooo yon jou ou ou Lap vin chachen poun ale nan syel avel Kote k pap gen tristes anko Nou pap janm gen dlo nan je anko non Nan syel la nou praleee Pou n viv avel ye eeeeee Nou va delivre yon jou Na sispann kriye Yon on jou Jezi ap vin chechen Nou va delivre Nou ou va sispann kriyee Oooooooooo
Writer(s): Kerlyne Liberus, Sadate Paul Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out